Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 149 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Egzòd 10:21-29' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 10:15-21

15 Kòman pou fè gen moun k ap preche, si pèsòn pa voye yo? Dapre sa Pawòl Bondye di: “Ala bèl sa bèl, lè w wè moun k ap pote Levanjil la ap rive!”[a]

16 Men, se pa yo tout ki obeyi sa Levanjil la di. Se poutèt sa Ezayi te di: “Senyè, ki moun ki kwè nan mesaj nou?”[b] 17 Konsa, lafwa vini lè nou tande Bòn Nouvèl la, epi nou tande Bòn Nouvèl la lè yon moun pale nou de Kris la.

18 Men mwen di, “moun Izrayèl yo pa vrèman tande sa, pa vre?” Men wi, yo tande l. Ou konnen sa pòsyon Pawòl Bondye sa a di:

“Yo tande vwa a gaye toupatou sou latè,
    mesaje yo rive tout kote nan lemonn.”[c]

19 Men m ap poze tèt mwen kesyon ankò, “moun pèp Izrayèl la pa t konprann sa, pa vre?” Wi, repons lan nan sa Bondye te gentan di anvan pa mwayen Moyiz:

“M ap sèvi ak moun ki pa yon vrè nasyon
    pou m fè nou vin jalou.
M ap sèvi ak moun ki pa gen bon konprann
    pou m fè nou fache.”[d]

20 Epi Ezayi pran kouraj li ak de men pou l di:

“Moun ki jwenn mwen,
    yo pa t menm ap chache m.
M fè menm moun ki pa t ap mande
    pou mwen konnen m.”[e]

21 Men, sou Izrayèl, Bondye di:

“Tout lasent jounen, m ap lonje men m bay pèp la,
    men yo dezobeyisan epi yo rebèl.”[f]

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International