Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
9 Lanmou nou gen youn pou lòt pa dwe gen ipokrizi ladan l. Se pou n rayi sa ki mal. Epi rete atache ak sa ki byen. 10 Se pou nou youn renmen lòt paske nou se manm yon menm fanmi. Se pou nou toujou premye nan chache onore youn lòt. 11 Se pou n gen devouman nan lespri nou, nou pa dwe parese. Se pou n toujou chofe pou sèvis Senyè a. 12 Se pou n gen kè kontan poutèt espwa nou genyen. Nan lafliksyon, se pou n gen pasyans. Se pou nou toujou rete nan lapriyè. 13 Se pou n pran swen moun Bondye yo ki nan bezwen. Se pou n toujou pare pou n resevwa moun ki rive lakay nou.
14 Mande Bondye pou l beni moun k ap pèsekite w yo. Mande Bondye beni yo, pa mande l modi yo. 15 Se pou n kontan avèk moun ki kontan yo, pataje tristès sa yo ki nan lapenn. 16 Viv nan inite youn ak lòt pandan n ap chache viv nan lapè. Pa tonbe nan foli grandè, men se pou w dakò fè zanmi ak moun ki san enpòtans nan je lòt moun. Pa pran tèt ou pou moun ki saj.
17 Si yon moun fè w mal, pa chache remèt li sa l fè w la. Se pou n fè sa tout moun kwè ki bon. 18 Fè sa w kapab pou w viv nan lapè ak tout moun toutotan sa posib. 19 An n pa chache fè tèt nou jistis, byenneme. An n tann kòlè Bondye pito, paske Pawòl Bondye di: “Vanjans se pou mwen, se mwen k ap pini chak moun pou sa l fè.”[a] 20 Men,
“si lènmi w yo grangou,
ba yo manje.
Si yo swaf,
ba yo bwè.
Lè w fè sa, se yon pil chabon dife tou limen
w ap sanble sou tèt yo.”[b]
21 Pa kite sa ki mal ranpòte laviktwa sou ou, fè sa ki byen pou w ka ranpòte laviktwa sou sa ki mal.
Jezi di li gen pou l mouri
(Mak 8:31–9:1; Lik 9:22-27)
21 Depi menm lè a, Jezi kòmanse eksplike disip yo li gen pou l monte Jerizalèm. Li gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò. 22 Pyè pran Jezi sou kote pou l rale zòrèy li. Li di li: “Bondye nan syèl la p ap janm pèmèt yon bagay konsa rive!”
23 Jezi fè yon vire sou Pyè, epi l di l: “Rale kò w sou mwen, Satan![a] Pa sèvi obstak devan m! Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.”
24 Apre sa, Jezi di disip li yo: “Si yon moun vle swiv mwen, fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen. 25 Nenpòt moun ki vle konsève lavi l kèlkeswa kondisyon an, l ap gen pou pèdi lavi l. Men nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen l ap gen pou jwenn vrè lavi a. 26 Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye, si l ap pèdi pwòp lavi l? Kisa yon moun ka bay an echanj pou lavi li. 27 Pitit Lòm nan gen pou l retounen ak tout pouvwa Papa a, ansanm ak anj yo. Lè sa a, l ap bay chak moun sa yo merite, selon sa yo te fè. 28 Nou mèt kwè m lè m di nou: kèk nan nou ki la jodi a va wè Pitit Lòm nan lè l ap vini kòm chèf nan wayòm li a.”
Copyright © 2017 by Bible League International