Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Bay Bondye lavi w
12 Frè ak sè m yo, poutèt Bondye montre nou jan li renmen nou anpil konsa, men sa m ap mande nou: An n ofri tout sa nou ye bay Bondye, tankou yon sakrifis vivan ki sen, epi ki fè l plezi. Lè n gade sa li fè pou nou, se konsa vrèman vre nou ta dwe adore l. 2 Pa panse oubyen pa aji menm jan ak moun ki nan lemonn. Men, kite Bondye transfòme w, kite l ba w yon entèlijans nouvo. Konsa, ou va an mezi pou w konprann volonte Bondye: Sa ki bon, sa ki fè l plezi, sa ki san fay.
3 Poutèt Bondye fè m yon gras espesyal pou m di nou tout: Pa bay tèt nou plis enpòtans pase sa n genyen. Nou dwe wè tèt nou jan nou ye a, dapre kantite lafwa Bondye ban nou chak. 4 Paske, menm jan nou chak gen yon sèl kò ak anpil manm, epi tout manm yo pa gen menm wòl pou yo jwe, 5 se konsa tou, nou anpil epi nou fòme yon sèl kò nan Kris, epi nou se manm youn lòt.
6 Men, don nou genyen yo diferan. Yo soti nan gras Bondye. Si yon moun gen don pwofesi, se pou l sèvi avè l selon lafwa li. 7 Si yon moun gen don pou rann sèvis, se pou l rann sèvis. Moun ki gen don pou l anseye, se pou l anseye. 8 Moun ki gen don egzòte moun, se pou l fè sa. Gen moun ki gen don pou bay, se pou l fè l ak jenewozite. Moun ki gen don pou dirije, se pou l fè sa ak dilijans. Moun ki gen don pou l montre favè yo anvè malere yo, se pou yo fè sa ak kè kontan.
Pyè konnen kilès Jezi ye
(Mak 8:27-30; Lik 9:18-21)
13 Lè Jezi rive nan zòn Sezare Filip, li poze disip li yo yon kesyon: “Ki lès nou tande yo di mwen ye, mwen menm Pitit Lòm nan?”
14 Yo reponn li: “Gen moun ki di ou se Janbatis. Gen lòt moun ki di ou se Eli. Gen yon lòt gwoup ki di ou se Jeremi oswa youn nan pwofèt yo.”
15 Apre sa, Jezi mande disip yo: “E nou menm, ki lès nou di mwen ye?”
16 Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!”
17 Jezi di Pyè: “Simon, pitit Jonas, ou se yon nonm beni. Sa w di la a, yon lòm pa ta ka fè w konnen l. Se sèl Papa m ki nan syèl la ki te ka fè konnen sa. 18 Ou rele Pyè ki vle di wòk,[a] pa vre? Enben se sou wòk sa a mwen pral bati legliz mwen an. Menm puisans lanmò[b] p ap ka gen viktwa sou li. 19 M ap remèt ou kle wayòm Bondye a. Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.”
20 Apre sa, Jezi di disip li yo pou yo pa di moun se li menm ki Kris la.
Copyright © 2017 by Bible League International