Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
12 Nou pa oze mete nou nan menm nivo oswa konpare tèt nou ak moun sa yo ki panse yo tèlman enpòtan. Yo etabli pwòp mezi yo pou mezire pwòp tèt yo, epi yo konpare tèt yo ak pwòp tèt yo. Ala egare!
13 Men nou menm nou pa pral vante tèt nou depase limit travay nou. N ap vante tèt nou nan limit travay Bondye ban nou. Epi nou menm, legliz Korent, nou antre anndan limit travay sa a. 14 Nou te ka tonbe nan kategori moun k ap vante tèt yo depase, si nou pa t deja vini lakay ou. Men nou se premye moun ki te rive Korent ak Bòn Nouvèl Kris la. 15 Nou p ap vante tèt nou ni chache pran kredi pou travay lòt moun te fè. Souwè nou, se paske pandan lafwa ou ap kontinye fè pwogrè, ou ap ede travay n ap fè a kontinye grandi epi ale pi lwen. 16 Konsa nou ka pote Bòn Nouvèl la nan lòt zòn ki pi lwen toujou, san nou pa bezwen vante tèt nou sou travay lòt moun te fè. 17 “Si yon moun vle vante tèt nou, se pou l vante tèt li sou travay Senyè a fè.”[a] 18 Lè yon moun ap vante tèt li di l bon, sa pa vo anyen. Sa k konte, se sa Bondye li menm, li di sou yon moun.
Copyright © 2017 by Bible League International