Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Egzanp Aga ak Sara
21 Di m non, nou menm ki vle obsève Lalwa a, èske nou pa konnen sa Lalwa a di? 22 Bib la di Abraram te gen de pitit gason. Manman youn nan yo se te yon esklav epi manman lòt la te gen libète l. 23 Pitit gason Abraram te fè ak esklav la te fèt jan tout moun fèt. Men pitit li fè ak fanm ki te gen libète l la te fèt dapre pwomès Bondye te fè Abraram nan.
24 Istwa sa a kapab gen yon lòt sans pou nou. De fanm sa yo se de alyans ant Bondye ak pèp li a. Youn nan alyans yo, se Lalwa Bondye te bay sou mòn Sinayi a. Moun ki anba alyans sa a, yo nan esklavaj. Manman ki rele Aga a, se alyans sa a. 25 Konsa, Aga se menm jan ak mòn Sinayi. Alaverite, mòn Sinayi se yon mòn nan peyi Arabi. Men Aga reprezante vil Jerizalèm nan moman m ap ekri nou la a. Vil sa se yon esklav, epi tout moun ladan l se esklav Lalwa a. 26 Men, Jerizalèm ki soti nan syèl la, li menm jan ak fanm ki gen libète l la. Se li ki manman nou. 27 Bib la di konsa:
“Fè kè w kontan, madanm,
ou menm ki pa ka fè pitit.
Se pou w kontan,
ou menm ki pa janm fè pitit.
Leve vwa w ak lajwa!
Ou pa janm konnen doulè akouchman.
Fanm san mari a[a] ap gen plis pitit
pase madanm k ap viv ak mari l la.”[b]
28 Pou nou menm, frè m ak sè m yo, nou se pitit ki te fèt selon pwomès Bondye a, menm jan ak Izaak. 29 Men, lòt pitit Abraram nan, ki te fèt kon tout moun nan, li te pèsekite sa k te fèt pa pouvwa Sentespri a. Se menm bagay jodi a. 30 Men kisa Bib la di: “Mete fanm esklav la deyò ak tout pitit li a! Pitit fanm ki gen libète l la ap resevwa tout sa papa l genyen, men pitit esklav la p ap jwenn anyen.”[c] 31 Konsa, frè m ak sè m yo, nou pa pitit fanm esklav la. Nou se pitit fanm ki gen libète l la.
5 Kounye a, poutèt Kris fè nou lib, an n kenbe fèm nan libète sa a. Ann pa tounen anba jouk esklavaj ankò.
Copyright © 2017 by Bible League International