Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 86:1-10' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Ezekyèl 29:3-7' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 11:53-12:3

53 Lè Jezi kite kote l te ye a, Skrib yo ak Farizyen yo te kòmanse ap di move pawòl sou li. Yo te tonbe kwense l ak kesyon pou wè si fè l di yon pawòl ki pa sa. 54 Yo t ap chache mwayen pou tann pyèj pou li, pou yo ta akize ak pawòl ki soti nan bouch pa li.

Piga nou sanble ak Farizyen yo

12 Lè sa a, foul moun ki te rasanble pou tande Jezi a te plizyè milye. Yo te tèlman anpil, se kòmsi youn t ap mache sou lòt. Men, Jezi chwazi pale ak disip li yo anvan, pandan lòt moun yo ap koute. Li di yo: “Veye kò nou ak ledven Farizyen yo, ki vle di yo eseye parèt tankou[a] moun ki dwat, men alaverite yo pa moun ki dwat. Pa gen anyen ou ka resi sere tèlman byen pou l pa janm parèt aklè. Pa gen anyen ou ka resi sere pou moun pa janm konnen li ditou. Kidonk, tout sa ki di an prive pral di devan tout moun. Tout sa ou chichote nan zòrèy moun ankachèt, y ap pibliye l byen fò an piblik.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International