Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 126 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jenèz 25:7-11' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Tesalonisyen 2:13-3:5

Bondye te chwazi sove nou

13 Men nou dwe toujou di Bondye mèsi pou ou menm, frè m ak sèm yo, nou menm Senyè renmen. Wi, Bondye chwazi nou pami premye moun ki[a] pou sove yo. Bondye sove nou paske Sentespri a fè nou kapab adore Bondye sèlman epi kwè nan verite a. 14 Se nan objektif sa a Bondye chwazi w. Bondye sèvi ak Bòn Nouvèl nou te prezante w la pou li sove ou. Li te chwazi w pou ou ka patisipe nan laglwa Jezikris, Senyè nou an. 15 Se poutèt sa frè m ak sèm yo, kontinye kenbe fèm epi rete dwat nan ansèyman nou te ba ou, swa fasafas swa pa mwayen lèt nou te ekri w. 16 Kounye a se pou Jezikris Senyè nou an ansanm ak Bondye Papa nou, li menm ki te montre nou kijan li renmen nou epi tou ki ban nou, nan gras li, ankourajman etènèl ansanm ak yon esperans solid, 17 se pou li ban nou kouraj, se pou l ban nou fòs pou n fè oubyen pou n di sa ki byen.

Priye pou nou

Frè m ak sè m yo, nou gen lòt bagay pou nou ta di ou ankò. Priye pou nou, pou mesaj Senyè a ka pwogrese byen rapid epi tou pou moun resevwa li, ba li valè, menm jan ou menm ou te fè l la. Priye tou pou nou ka delivre anba men mechan yo, paske se pa tout moun ki kwè nan Bondye vre.

Men Bondye fidèl. L ap fòtifye epi l ap pwoteje ou kont Malfèktè a.[b] Senyè a fè nou gen konfyans ou ap fè epi kontinye fè sa nou te di w yo. Nou priye pou Senyè a pran direksyon kè w. Lè sa a, ou va renmen Bondye epi ou ap vin gen pasyans menm jan ak Kris.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International