Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 102:1-17' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Egzòd 13:17-22' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 7:17-40

17 Firamezi lè pou Bondye te kenbe pwomès li te fè Abraram nan t ap pwoche, pèp la pa t sispann miltipliye nan peyi Lejip, li te vin pi plis. 18 Se konsa sa te ye jouktan te vin gen yon wa nan tèt peyi Lejip ki pa t konnen anyen menm sou Jozèf. 19 Wa sa a te tonbe nan twonpe pèp nou an. Li maltrete zansèt nou yo byen maltrete. Li fòse yo abandone ti bebe yo deyò pou yo mouri.

20 Se nan epòk sa a menm Moyiz te fèt. Se te yon bèl ti pitit devan Bondye. Yo te kache Moyiz pandan twa (3) mwa lakay papa l pou pran swen li. 21 Finalman, lè yo oblije abandone l deyò, pitit fi Farawon an pran li. Prensès la elve Moyiz tankou pwòp pitit gason pa li. 22 Konsa, Ejipsyen yo te anseye Moyiz tout sa yo te genyen kòm konesans nan sistèm edikasyon yo a. Moyiz te vin yon gwo save epi sa te parèt aklè nan tout sa l di ak tout sa l fè.

23 Lè Moyiz te gen karant (40) an, li deside rann pèp li a yon vizit, m vle pale de pèp Izrayèl la. 24 Je Moyiz al tonbe sou yon Ejipsyen ki t ap maltrete yon moun pèp Izrayèl la. Moyiz deside antre nan koze a pou rann izrayelit ki t ap sibi move trètman an jistis. Konsa, Moyiz touye Ejipsyen an. 25 Moyiz te panse sa k pase a t ap ede pèp Izrayèl la konprann Bondye t ap sèvi ak li kòm enstriman pou delivre yo, men yo pa t konprann sa.

26 Nan denmen, Moyiz retounen vin vizite pèp li a ankò. Fwa sa a, li wè de moun pèp Izrayèl la k ap goumen antre yo. Li t ap eseye fè yo rekonsilye. Li di yo: Mesye m yo, èske se pa frè nou ye? Pouki sa nou youn ap maltrete lòt konsa? 27 Men, sa k t ap maltrete izrayelit parèy li a te pouse Moyiz sou kote. Epi li di Moyiz konsa: Ki lès ki mete w chèf sou nou pou pase nou lòd epi pou jije nou? 28 Ou gen lè vle touye m menm jan ou te touye Ejipsyen an yè a?[a] 29 Lè Moyiz tande moun pèp Izrayèl la di pawòl sa a, li chape poul li. Li kouri kite peyi Lejip pou l al viv nan peyi Madyan kòm etranje. Pandan l nan peyi Madyan, Moyiz vin gen madanm epi se la li fè de pitit gason.

30 Karant (40) an apre sa, pandan Moyiz te nan dezè ki bò mòn Sinayi a, yon anj parèt devan li nan mitan yon flanm dife ki t ap boule nan yon touf bwa. 31 Lè Moyiz wè flanm dife a nan touf bwa a, sa te fè l sezi. Li pwoche pi pre pou wè sa k genyen. Lè sa a, li tande yon vwa ki pale. Se te vwa Senyè a. 32 Senyè a di: Se mwen menm Bondye zansèt ou yo; Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la.[b] Moyiz te pran tranble, tèlman li te pè. Li pa t menm oze gade touf bwa a ankò.

33 Senyè a di Moyiz ankò: Retire sapat ou nan pye w, paske kote ou kanpe a se yon tè ki apa pou mwen. 34 Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y ap plenn anba soufrans yo. Mwen desann pou m vin delivre yo. Kounye a, vini m voye w retounen nan peyi Lejip.[c]

35 Se menm Moyiz sa a pèp la te rejte lè yo te di: Ki lès ki mete w chèf pou gouvène nou epi pou jije nou?[d] Se menm li menm nan Bondye voye pou l yon chèf sou yo ak yon sovè pou yo tou, avèk konkou anj ki te parèt devan li nan touf bwa a. 36 Se Moyiz ki te mennen pèp la soti kite peyi Lejip. Li te fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan peyi Lejip la menm, devan lanmè wouj la, nan dezè a, pandan karant (40) ane.

37 Se menm Moyiz sa a tou ki te di pèp Izrayèl la pawòl sa yo: Bondye gen pou l fè yon pwofèt parèt nan mitan nou. Se youn pami nou l ap ye tou, menm jan ak mwen.[e] 38 Se li menm ki te ansanm ak pèp Bondye a lè yo te nan dezè a. Li te nan dezè a ansanm ak zansèt nou yo ak anj Bondye a ki t ap pale ak li sou gwo mòn Sinayi a. Li te resevwa pawòl vivan an nan men anj lan pou l transmèt li ban nou.

39 Men zansèt nou yo te refize obeyi Moyiz. Okontrè, yo te rejte otorite l. Sèl sa k te nan tèt yo, se pou yo ta tounen tounen yo nan peyi Lejip. 40 Yo di Arawon konsa: Fè kèk lòt bondye pou nou ki pou mache devan nou pou dirije nou, paske Moyiz ki te mennen nou soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa k pase avè l.[f]

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International