Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Kwayan yo pataje byen yo
42 Kwayan yo te pase tout tan yo ap resevwa ansèyman apot yo. Yo te viv ansanm youn ak lòt tankou frè. Yo te reyini epi yo te manje[a] ansanm epi yo te lapriyè ansanm. 43 Bondye te pèmèt apot yo fè anpil mirak ak anpil bèl bagay devan je moun yo, sa te fè moun yo vin gen anpil respè pou Bondye. 44 Tout kwayan yo te rete ansanm yon sèl kote, epi yo te pataje tout sa yo te genyen ansanm tou. 45 Ye te vann tè yo ak lòt byen yo te genyen epi yo pataje lajan an ant yo tout, selon bezwen chak moun. 46 Chak jou, yo te reyini ansanm nan tanp lan. Yo te konn separe pen bay tout moun kay an kay, epi yo te konn manje ansanm ak anpil kè kontan nan yon espri imilite. 47 Yo t ap fè lwanj pou Bondye. Tout pèp la te renmen yo. Chak jou Senyè a t ap ajoute moun li t ap delivre yo sou gwoup moun ki te la yo.
19 N ap sibi soufrans nou pa merite epi se paske nou vle rete fidèl pou Bondye. Si se konsa, se yon bon bagay. 20 Si yo pini nou pou move bagay nou fè, alò pa gen rezon pou yo felisite nou. Men si nou soufri ak pasyans pou bon bagay nou fè, sa ap fè Bondye plezi. 21 Se pou bagay sa yo menm Bondye te rele nou, paske Kris la li menm, li te soufri pou nou. Konsa, li ban nou yon egzanp pou nou swiv:
22 “Li pa janm peche
epi li pa janm bay manti.”[a]
23 Yo te joure l, men li pat reponn. Li te soufri, men li pat fè pèsonn menas. Li te lage koz li nan men Bondye ki jije san patipri. 24 Kris te pote peche nou yo nan kò li sou lakwa. Se poutèt sa nou fin viv pou peche epi nou ka mennen yon vi ki fè Bondye plezi. 25 Nou te tankou mouton ki pèdi wout nou. Men kounye a, nou retounen vin jwenn Gadò nou an, sila a k ap veye sou lavi nou an.
Bèje a ak mouton l yo
10 An verite, an verite, mwen di nou: yon moun k ap antre kote yo gade mouton, se nan baryè a li dwe pase.[a] Si l pase nenpòt lòt kote se yon vòlè li ye, se eseye l ap eseye vòlè mouton yo. 2 Men, moun ki pase nan baryè a, se bèje mouton yo l ye. 3 Moun k ap veye baryè a louvri l pou mouton yo, epi mouton yo tande vwa bèje a. Li rele pwòp mouton li yo dapre non yo epi yo swiv li soti deyò. 4 Lè l fin fè tout mouton pa l yo soti nan pak la, li mache alatèt yo epi yo swiv li, paske yo konnen vwa li. 5 Men, yo p ap janm swiv yon moun yo pa konnen. Y a kouri pou li, paske yo pa konnen vwa moun sa a.
6 Jezi rakonte yo istwa sa a, men yo pa t konprann sa l t ap di yo a.[b]
Jezi se Bon Bèje a
7 Jezi di yon lòt fwa ankò: “An verite, an verite, m ap di nou: se mwen menm ki pòt pou antre nan pak mouton an. 8 Tout lòt yo ki te vini anvan m se brigan ak vòlè yo ye, men mouton yo pa t koute yo. 9 Mwen se pòtay pak la. Nenpòt mouton ki pase nan mwen pou l antre nan pak la, l ap an sekirite. L ap ka antre nan pak la, l ap ka soti ale nan patiraj pou l manje sa l bezwen. 10 Vòlè a pa vin fè lòt bagay, se vòlè, se touye, se detwi. Men, mwen menm, mwen vini pou ba yo lavi, yon lavi pi plis pase sa w ta janm imajine.
Copyright © 2017 by Bible League International