Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Travay 2:14

Pyè pale ak foul la

14 Apre sa, Pyè ansanm ak lòt onz apot yo leve kanpe. Pyè pale byen fò ak foul la, li di yo: “Nou menm Jwif parèy mwen ansanm ak tout lòt moun Jerizalèm, koute sa m ap di nou. Gen kèk bagay nou bezwen konnen. Koute byen sa m ap di nou ankò.

Travay 2:36-41

36 Nou tout nan pèp Izrayèl la, nou bezwen konnen sa byen. Jezi sa a nou te klouwe sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè a, se li menm Bondye fè Kris la.”

37 Lè foul la fin tande sa Pyè te di a, kè yo te fè yo mal anpil. Yo te regrèt sa. Lè sa a, yo di Pyè ak lòt apot yo konsa: “Frè nou yo, kisa pou nou fè?”

38 Pyè pran lapawòl, li di yo: “Chanje kè nou ak fason n ap viv la. Chak moun dwe resevwa batèm nan non Jezikris. Konsa Bondye va padone peche nou epi li va ban nou Sentespri a kòm kado nan lavi nou. 39 Pwomès la se pou nou, se pou pitit nou yo, se pou tout moun ki byen lwen, tout kantite moun Senyè a, Bondye nou an ta rele vin jwenn li.”

40 Pyè te di yo anpil lòt pawòl ankò pou fè yo kwè. Li eseye ankouraje yo. Li di yo: “Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan jenerasyon sa a k ap viv nan mechanste.” 41 Konsa, tout moun nan foul la ki te aksepte mesaj Pyè a te resevwa batèm. Nan jou menm sa a, te gen twa mil (3,000) moun ki te vin ajoute sou gwoup kwayan ki te la yo.

Error: 'Sòm 116:1-4' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 116:12-19' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Pyè 1:17-23

17 N ap priye Bondye epi nou rele l papa, men l ap jije chak moun menm jan, dapre sa yo fè. Konsa, pandan nou se vizitè sou tè sa a, se pou n viv avèk krentif pou Bondye. 18 Paske nou konnen byen pwòp se pa avèk bagay k ap pase, tankou lajan ak lò Bondye te rachte nou nan vye lavi nou te eritye nan gran paran nou yo. 19 Men, se ak san Jezikri Bondye te rachte nou. Li menm ki te sakrifye tèt li tankou yon Ti Mouton san tach epi san defo. 20 Bondye te chwazi Kris pou travay sa a anvan menm li te kreye lemonn, men se nan dènye tan sa yo li fè Kris parèt devan nou. 21 Nou Kwè nan Bondye granmesi Jezikri. Se Bondye ki te leve Jezi vivan nan lanmò epi se li menm ki te ba li laglwa. Konsa se nan Bondye lafwa ak esperans nou soti.

22 Kounye a nou gentan vin pwòp paske nou obeyi verite a pou nou ka gen yon lanmou fratènèl ki sensè, alò se pou n renmen youn lòt ak tout fòs nou, ak tout kè nou. 23 Paske nou fèt yon lòt fwa ankò. Nouvèl vi sa a pa soti nan sa k ap peri men nan sa k pa ka peri, granmesi pawòl Bondye ki vivan epi ki p ap janm pase.

Lik 24:13-35

Sou chemen emayis

(Mak 16:12-13)

13 Nan menm jou dimanch lan, de nan disip Jezi yo t ap vwayaje sou wout ki mennen nan bouk Emayis la. Emayis te a onz (11) kilomèt[a] konsa de vil Jerizalèm. 14 De mesye yo t ap pale youn ak lòt sou evènman ki te rive yo. 15 Etan mesye yo ap pale, ap diskite sou evènman yo, Jezi pwoche kote yo epi li kòmanse fè wout la ak yo. 16 Men yo pa t anmezi pou rekonèt se te Jezi. 17 Jezi di yo: “Ki sa n ap diskite antre nou konsa a pandan n ap mache a?”

Mesye yo rete, epi yo te vin tris anpil. 18 Apre sa, youn nan yo ki te rele Klewopas, di Jezi konsa: “Ou genlè se sèl moun ki vizite Jerizalèm ki pa konn sa k pase nan vil la nan jou sa yo?”

19 Epi Jezi di yo: “Ki sa k pase menm?”

Yo reponn li: “Tout sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la! Se te yon gran pwofèt, ni devan Bondye, ni devan lèzòm. Li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen tou. 20 Chèf prèt yo ansanm ak otorite nou yo livre l pou yo kondane l amò epi klouwe l sou yon kwa. 21 Nou te espere se li menm ki t ap vin delivre Izrayèl, men sa fè twa (3) jou depi bagay sa yo pase.

22 Men gen kèk medam nan gwoup nou an ki t al nan kavo a maten an ki vin fè nou sezi. 23 Yo di nou y ale yo pa jwenn kò a, epi yo wè kèk anj Bondye ki parèt sou yo ki di yo li vivan. 24 Kèk nan nou te ale nan kavo a, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan medam yo te di l la, men, li menm yo pa wè li.”

25 Lè sa a Jezi di yo: “Ala nou san konprann! Kijan lespri nou fè lou konsa pou nou konprann verite a. Nou fèt pou nou kwè tout sa pwofèt yo te di yo? 26 Kris la te fèt pou l soufri tout bagay sa yo anvan l antre nan laglwa li, pa vre?” 27 Kòmanse nan Moyiz, pase pran tout pwofèt yo, li pran eksplike yo tout sa ki te ekri sou li nan Bib la.

28 Lè yo rive toupre bouk Emayis la, Jezi fè kòmsi li t ap vwayaje pi lwen toujou. 29 Men, mesye yo soupriye li pou l rete ak yo. Yo di li: Rete ak nou. Solèy fin kouche, li pral fènwa. Konsa, li antre pou fè ladesant ansanm ak yo.

30 Etan li chita bò tab ap manje ansanm ak mesye yo, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l epi li ba yo. 31 Je mesye yo vin louvri epi yo rekonèt li. Menm kote a, li disparèt devan yo. 32 Lè sa a, youn di lòt konsa: “Lè l t ap pale ak nou nan wout la, lè l t ap eksplike nou sa k te ekri nan Bib la, èske nou pa t santi se tankou yon dife k ap boule nan kè nou?”

33 Menm kote a, de mesye yo leve, yo retounen Jerizalèm. Lè yo rive yo jwenn onz (11) apot yo ak tout lòt moun yo ansanm. 34 Apot yo di mesye ki sot Emayis yo konsa: “Se vre wi, Senyè a resisite. Li fè Simon wè li.”

35 Apre sa, de mesye yo pran rakonte sa k te pase sou wout Emayis la, epi jan yo te vin rekonèt Jezi lè l te kase pen an ba yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International