Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 114 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jij 6:36-40' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 15:12-20

Rezirèksyon mò yo se yon sètitid

12 Men mesaj nou preche tout moun: Kris leve soti vivan anba lanmò. Kounye a, poukisa gen kèk moun pami nou ki di pa gen rezirèksyon pou mò yo? 13 Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, donk Kris pa t janm resisite. 14 E si Kris pa resisite, mesaj nou preche a pa vo anyen. Lafwa ou pa vo anyen nonplis. 15 Nan ka sa a, nou t ap tounen fo temwen paske nou t ap bay manti sou Bondye. Nou di tout moun Bondye resisite Kris la. Men si okenn mò p ap resisite, donk Bondye pa t janm resisite Kris la. 16 Si moun mouri pa resisite, alò Kris la pa t resisite. 17 Si Kris la pa t resisite, lafwa nou pa ta itil anyen. Nou ta toujou esklav peche nou yo. 18 Sila yo ki kwè nan Kris epi ki gen tan mouri, yo ta pèdi ajamè. 19 Si se sèlman pou lavi sou tè sa a nou met espwa nou nan Kris, nou se moun ki pi mizerab sou latè.

20 Men, reyalite a se paske Kris la te resisite. Li se premye pami tout sa ki pou resisite.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International