Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Pyè pale ak foul la
14 Apre sa, Pyè ansanm ak lòt onz apot yo leve kanpe. Pyè pale byen fò ak foul la, li di yo: “Nou menm Jwif parèy mwen ansanm ak tout lòt moun Jerizalèm, koute sa m ap di nou. Gen kèk bagay nou bezwen konnen. Koute byen sa m ap di nou ankò.
22 Nou menm moun Izrayèl, koute byen sa m pral di nou an: Jezi, moun Nazarèt la, se te yon moun Bondye te voye. Bondye te fè nou wè sa pa mwayen tout mirak, tout mèvèy ak tout siy li te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Se bagay nou tout konnen trè byen. 23 Se yon trèt ki livre Jezi ban nou, epi nou touye l. Moun ki ede nou fè sa, yo pa menm fè ka de lwa nou an, nou klouwe l sou yon kwa. Men, Bondye te konnen tou sa te gen pou rive. Se te plan Bondye, yon plan li te genyen depi byen lontan. 24 Bondye fè l resisite. Lanmò te vle kenbe l nan tonm nan, lanmò te dwe kite l soti nan tonm nan libelibè, menm jan ak yon bebe ki rive lè l pou l soti nan vant manman l. 25 Men sa wa David te ekri konsènan Jezi:
Mwen te toujou wè Senyè a devan je mwen,
paske li te toujou bò kote m
pou asire sekirite m.
26 Konsa, mwen gen anpil lajwa nan kè m,
epi bouch mwen ap chante lwanj.
Anplis de sa, kò m ap repoze avèk esperans,
27 paske ou p ap kite m nan tonbo a,[a]
ou p ap kite kò moun ou chwazi a pouri nan tonbo.
28 Ou va fè m konnen kijan pou m retounen viv ankò.
Ou ranpli kè m ak lajwa, paske ou ap toujou toupre mwen.[b]
29 Frè m yo, mwen pran libète pou m di nou kareman, zansèt nou David mouri, yo antere li, epi tonbo li toujou la jouk jodi a nan mitan nou. 30 David se te yon pwofèt, epi li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te bay David garanti li t ap fè yon moun nan branch fanmi David chita sou twòn David la kòm wa.[c] 31 David te gentan wè sa Bondye t apral fè a depi byen avan, se sa k fè li te pale konsa konsènan rezireksyon Kris la. Li di:
Bondye pa t kite l kote mò yo ye a,
Bondye pa t kite kò li pouri nan tonbo a.
32 Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan nan lanmò. Nou tout te temwen evènman sa a.
Yon espwa ki p ap janm fini
3 Louwanj pou Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an. Nan bonte li, li ban nou yon lòt lavi tou nèf ki pote yon vrè espwa pou nou, granmesi Jezi ki te resisite a. 4 N ap tann pandan tan sa a, pou n resevwa benediksyon Bondye genyen pou pitit li yo. Se nan syèl la Bondye sere benediksyon sa yo pou nou. Pa gen anyen ki ka gate yo, ni detwi yo, ni fè yo pèdi bèlte yo.
5 Pouvwa Bondye ap pwoteje nou poutèt lafwa nou epi l ap kenbe nou ansekirite jouk li ban nou delivrans lan nan dènye jou yo. 6 Mwen konnen panse sa yo fè nou kontan anpil, menmsi kounye a nou pral pase anba anpil eprèv pou yon ti tan. 7 Lò ki se yon bagay k ap pase, lè l pase nan dife se netwaye dife a netwaye l. Se menm jan an tou lafwa nou, ki pi enpòtan pase lò, li dwe sibi eprèv pou valè li kapab parèt aklè. Se konsa nou va resevwa lwanj, glwa, lonè, lè Jezi va tounen.
8 Nou pa ko wè Kris, men sa pa anpeche nou renmen l. Nou pa ka wè l kounye a, men nou kwè nan li. Kè nou ranpli ak yon kontantman nou pa ka eksplike. 9 Lafwa nou gen pou l bay rezilta, epi rezilta lafwa nou se delivrans nou.
Jezi parèt devan disip li yo
(Mat 28:16-20; Mak 16:14-18; Lik 24:36-49)
19 Premye jou nan senmenn nan, byen ta nan apre midi, disip yo te ansanm nan yon kay. Poutèt yo te pè Jwif yo, yo fèmen pòt la. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo epi li di yo: “Lapè avèk nou!” 20 Apre l fin di sa, li montre yo men l yo ak bò kòt li. Lè disip yo te wè Senyè a, se pa ti kontan yo te kontan.
21 Yon lòt fwa ankò, Jezi di yo: “La pè avèk nou. Menm jan Papa a te voye m, konsa mwen menm mwen voye nou tou.” 22 Lè l te fin pale konsa, li soufle sou yo epi li di yo: “Resevwa Sentespri a.” 23 Moun nou padone peche yo, peche yo ap padone. Moun nou refize padone, yo p ap jwenn padon.
Jezi fè Toma wè li
24 Men Toma, youn nan douz disip yo, sa yo te rele Didim nan, li pa te la lè Jezi te vini an. 25 Lòt disip yo di l: “Nou wè Senyè a wi!” Men li reponn yo: “Si m pa wè mak klou yo nan men l, si m pa mete men m bò kòt li epi nan mak klou yo, m p ap kwè!”
26 Apre uit jou, disip yo te reyini ankò nan yon kay. Lè sa a, Toma te la avèk yo. Jezi vin kanpe nan mitan yo epi li di yo: “La pè avèk nou.” 27 Apre sa, li di Toma: “Vini ak dwèt ou epi gade men m yo, lonje men w, foure dwèt ou nan bò kòt mwen, sispann rete nan enkredilite, se pou w tounen yon moun ki gen lafwa.”
28 Toma reponn li: “Senyè mwen, Bondye mwen.”
29 Jezi di l konsa: “Paske w wè m ou kwè, benediksyon pou moun ki pa wè men ki kwè.”
Pou kisa Jan ekri liv sa a?
30 Jezi te fè anpil lòt mirak ankò ki pa rapòte nan liv sa a. 31 Men bagay sa yo ekri pou nou kapab rive kwè[a] Jezi se Kris la, Pitit Bondye a, epi tou lè nou kwè sa nou va gen lavi etènèl.
Copyright © 2017 by Bible League International