Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Bòn nouvèl konsènan Jezikris la
15 Kounye a frè m ak sè m yo, mwen vle fè nou sonje bòn nouvèl mwen te anonse nou an. Nou te resevwa li. Epi li sèvi fondasyon pou lavi nou. 2 Se ak bòn nouvèl sa a Bondye te sèvi pou sove nou. Se pou nou kontinye kwè nan mesaj sa a. Si se pa sa, lafwa nou pa vo anyen.
3 Mwen te ban nou mesaj la jan m te resevwa l la. Men sa m te di nou, epi se sa yo ki gen plis enpòtans: Kris mouri pou peche nou yo, jan Bib la di l la. 4 Yo te antere l epi li resisite sou twazyèm jou a jan Bib la di l la. 5 Li te parèt devan Pyè. Li te parèt devan douz apot yo. 6 Apre sa, li te parèt an menm tan devan plis pase 500 frè ak sè an Kris. Menmsi kèk ladan yo gen tan mouri, men anpil ladan yo vivan toujou. 7 Nan pi ta apre sa, li te parèt devan Jak ansanm ak tout lòt apot yo. 8 Finalman, li te parèt devan m tou. Mwen diferan, paske mwen tankou yon bebe ki fèt anvan lè.
9 Se mwen menm ki pi pa enpòtan nan tout apot yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m yon apot paske mwen te pèsekite Legliz Bondye a. 10 Mwen sa m ye jodi a, paske Bondye fè m gras. E gras la pa pèdi, paske mwen travay pi plis pase tout lòt apot yo. (Anreyalite, se pa mwen menm ki travay, se gras Bondye nan mwen k ap fè travay la.) 11 Antouka, kit se mwen ki te anonse nou mesaj bòn nouvèl la, kit se lòt apot yo, se menm mesaj la nou tout ap preche epi se ladan l, ou menm, ou te kwè.
Copyright © 2017 by Bible League International