Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 128 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Ezayi 65:17-25' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 4:6-13

David di menm bagay la, lè l ekri sou benediksyon yon moun jwenn lè Bondye aksepte l kòm moun ki jis, san l pa gade sou sa moun nan te fè.

“Se yon gwo benediksyon
    lè yon moun jwenn padon pou fot li te komèt,
    lè peche l yo te jwenn padon!
Se yon gwo benediksyon
    lè Senyè a retire peche yon moun
    nan lis kote yo te ekri!”[a]

Èske benediksyon sa a se sèlman pou moun ki sikonsi? Oubyen èske l pou moun ki pa sikonsi tou? Nou te gentan di sa deja, se poutèt lafwa Abraram Bondye te aksepte l pou yon moun ki jis devan l. 10 Ki lè sa te pase? Èske Bondye te aksepte Abraram anvan oubyen apre l te fin sikonsi? Bondye te aksepte l anvan l te sikonsi. 11 Abraram te vin sikonsi nan apre, pou montre Bondye te aksepte l. Sikonsizyon li se te yon prèv li te yon moun ki jis devan Bondye poutèt lafwa li, anvan l te sikonsi. Konsa, Abraram se papa tout moun ki kwè epi ki pa sikonsi. Yo kwè epi Bondye aksepte yo kòm moun ki jis devan li. 12 Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Men se pa sikonsizyon yo a sèlman ki fè l papa yo. Li se papa yo si yo imite lafwa l te genyen anvan l te sikonsi a.

Resevwa pwomès Bondye pa lafwa

13 Abraram ak desandan li yo te jwenn pwomès pou yo posede lemonn antye. Men Abraram pa t jwenn pwomès sa a paske l t ap swiv Lalwa. Li te jwenn pwomès sa a, paske l te jis devan Bondye poutèt lafwa li.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International