Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Yon priyè pou di Bondye Mèsi
8 Premye bagay m ta renmen di se remèsye Bondye pou nou tout, pa mwayen Jezikri. M di Bondye mèsi paske moun tout kote sou latè ap di kijan nou se moun ki gen anpil lafwa. 9 M toujou sonje nou chak fwa m ap priye. Bondye konnen sa m di a se verite a. Se li menm m ap sèvi ak tout kè m lè m ap preche tout moun Bòn Nouvèl ki konsènen Pitit li a. 10 M toujou mande Bondye, nan priyè m, pou l louvri yon pòt pou pèmèt mwen rive al lakay nou. 11 Mwen anvi wè nou toutbon pou m ka ban nou kèk don espirityèl ki ka fè lafwa nou vin pi fò. 12 Sa m vle di nou, se ede m vle pou n ede youn lòt nan lafwa. Lafwa pa nou ap ede m, lafwa pa m ap ede nou.
13 Frè ak sè m yo, mwen fè n konnen mwen te fè plan plizyè fwa pou m ale lakay nou, men yon bagay toujou pase pou chanje plan m yo. Mwen ta renmen wè lakay nou menm bon rezilta mwen te genyen nan mitan moun lòt nasyon ki pa Jwif yo.
14 Mwen dwe sèvi tout moun, kit se moun sivilize, kit se moun ki pa sivilize, kit se moun enstwi, kit se moun ki pa enstwi. 15 Se poutèt sa, mwen si tèlman vle pote Bòn Nouvèl la ban nou, nou menm k ap viv nan lavil Wòm.
16 Pou mwen, pa gen wont[a] nan prezante Bòn Nouvèl la. Paske se puisans Bondye li ye, pou sove nenpòt moun ki kwè: pou sove Jwif yo an premye, epi kounye a pou sove sa yo ki pa Jwif tou. 17 Wi, Bòn Nouvèl la montre kijan Bondye bon epi li fidèl jan li fè sa l te pwomèt l ap fè. Li montre kijan fidelite[b] yon moun kapab kondui anpil moun rive nan lafwa. Jan Ekriti Sent yo di a, “Moun Bondye aksepte a poutèt lafwa[c] li, l ap viv.”[d]
Copyright © 2017 by Bible League International