Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Miche 6:1-8' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 15 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 1:18-31

Puisans ak sajès Bondye nan Jezikris

18 Mesaj lakwa a sanble ak pawòl moun fou pou sila yo k ap viv san Bondye. Poutan, mesaj la se puisans Bondye sèvi pou sove nou. 19 Paske, men sa ki ekri nan Bib la,

“M ap detwi sajès moun saj yo
    epi m ap jete konfizyon
    nan entèlijans moun entèlijan yo.”[a]

20 Kote filozòf yo? Kote ekspè lalwa yo? Kote moun ki renmen bay bèl agiman yo? Èske Bondye pa montre aklè sajès mond sa a se foli? 21 Wi, sajès lèzòm pa gen kapasite pou rekonèt sajès Bondye. Se poutèt sa nan sajès li Bondye deside sèvi ak yon mesaj ki parèt san sans pou l sove tout moun ki kwè.

22 Jwif yo mande mirak kòm prèv, epi moun ki pa Jwif ap chache sajès, 23 men nou menm nou preche Kris krisifye. Jwif yo konsidere mesaj sa a tankou yon eskandal. Moun ki pa Jwif yo konsidere l tankou foli. 24 Men, pou moun Bondye rele yo, swa moun ki Jwif swa moun ki pa Jwif, Kris la se puisans ak sajès Bondye. 25 Menm foli Bondye pi saj pase tout sajès lèzòm. Feblès Bondye pi puisan pase tout fòs lèzòm.

26 Frè m ak sè m yo, nou menm Bondye rele, gade pami nou pou nou wè si gen anpil moun saj selon lèzòm, oswa moun ki gen pouvwa, oswa ki soti nan gran fanmi. 27 Okontrè, Bondye chwazi sa ki sanble san sans nan je lèzòm pou l fè moun saj yo wont. Li chwazi sa ki fèb pou l fè moun ki gen pouvwa yo wont. 28 Li chwazi sa lèzòm meprize, sa moun konsidere san valè pou l detwi sa yo ki gen valè. 29 Konsa pyès moun pa ka vante tèt yo nan prezans Bondye. 30 Se li menm ki fè nou fè youn avèk Jezikris. Se Bondye ki fè Kris la tounen sajès pou nou. Se pa mwayen Kris la Bondye deklare nou jis. Li chwazi nou pou nou viv pou li. Li delivre nou anba peche nou yo. 31 Konsa, jan sa te ekri nan Bib la: “Si yon moun vle chante lwanj, se pou l chante lwanj pou Senyè a.”[b]

Matye 5:1-12

Jezi t ap anseye pèp la

(Lik 6:20-23)

Lè Jezi wè foul la, li monte sou yon mòn, li chita. Disip yo te pwoche bò kote li. Epi Jezi te kòmanse anseye pèp la. Li di yo:

“Benediksyon pou moun kè yo tankou mandyan ki nan bezwen,
    paske wayòm syèl la se pou yo.
Benediksyon pou moun
    ki nan lapenn jodi a, paske Bondye gen pou konsole yo.
Benediksyon pou moun ki desann tèt yo,
    paske y a eritye tè Bondye te pwomèt la.[a]
Benediksyon pou moun ki grangou epi ki swaf fè sa ki byen,[b]
    paske y ap jwenn satisfaksyon.
Benediksyon pou moun ki gen konpasyon pou lòt moun,
    Bondye ap gen konpasyon pou yo tou.
Benediksyon pou moun ki gen panse pwòp,
    yo gen pou yo wè Bondye.
Benediksyon pou moun k ap travay pou lapè
    y a rele yo pitit Bondye.
10 Benediksyon pou moun k ap sibi pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki dwat
    paske wayòm syèl la se pou yo li ye.

11 Benediksyon pou nou lè y ap joure nou, lè y ap pèsekite n, lè y ap pale n mal paske n ap swiv mwen. 12 Nou mèt kòmanse fè kè nou kontan paske se pa ti rekonpans ki rezève pou nou nan syèl la. Ansyen pwofèt yo te pase anba menm kalite pèsekisyon sa yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International