Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Benediksyon espirityèl nan Bondye
3 Louwanj pou Bondye ansanm ak Papa Jezikris, Senyè nou an. Nan Jezikris, Bondye ban nou tout kalite benediksyon espirityèl anwo nan syèl la. 4 Nan Jezikris, Bondye chwazi nou anvan menm li te kreye lemonn. Li chwazi nou nan amou li, pou n vin yon pèp sen pou li, san fot devan je l. 5 Se sa k fè, depi byen lontan, li deside l ap adopte nou kòm pitit li pa mwayen Jezikris. Li fè sa pou bon plezi pa l. 6 Konsa, tout moun va wè grandè gras li pou nou pa mwayen Jezi, Pitit byeneme l la. Tout moun va fè louwanj pou gras li.
7 Nan Kris, nou jwenn libète poutèt san li ki te koule. Nou jwenn padon peche nou yo, poutèt richès gras Bondye. 8 Se gras sa a li ban nou an kantite a ki ban nou sajès ak bon konprann. 9 Se te yon plan sekrè Bondye te genyen byen lontan pou l te reyalize pa mwayen Jezikris. Kounye a, li fè nou konnen sa. 10 Bondye t ap ranje tout bagay pou fè plan an reyalize lè moman an ta rive. Plan li, se pou l reyini tout bagay ki nan syèl la ak sa ki sou latè, pou li rasanble yo tout, menm jan ak yon kò, avèk Kris kòm tèt.
11 Nan Kris, Bondye chwazi nou pou nou vin pèp li. Li te deja planifye pou nou vin pèp li, paske se sa menm li vle. Bondye deside kijan tout bagay ap pase epi li fè tout bagay pase nan jan pou l reyalize plan l. 12 Se poutèt sa, nou menm ki te gentan mete konfyans nou nan Kris la, an n fè louwanj pou glwa Bondye. 13 Se menm bagay la pou ou tou, lè ou te tande mesaj verite a, Levanjil ki sove w la, ou te kwè nan Kris. Kidonk poutèt Kris, Bondye te mete sou ou sa Sentespri li te pwomèt la. 14 Sentespri a se avalwa ki garanti n ap jwenn tout sa Bondye gen pou nou kòm eritaj. Apre sa, Bondye gen pou ban nou libète nèt, nou menm ki pou li. Konsa, tout moun va fè louwanj pou glwa Bondye.
Jezikris, Pawòl etènèl Bondye a
1 Anvan tout bagay te kòmanse,
Pawòl[a] la te la.
Li te avèk Bondye
epi Pawòl la se te Bondye menm.
2 Li te avèk Bondye
nan kòmansman.
3 Se ak li menm tout bagay te kreye;
pa te gen anyen ki te kreye san li.
4 Se nan limenm lavi te ye,
epi lavi sa a se te limyè pou tout moun sou latè.
5 Limyè[b] a klere nan fènwa,
men fòs fènwa pa kapab gen viktwa[c] sou li.
6 Te gen yon nonm Bondye te voye, li te rele Jan. 7 Li te vin temwanye pou fè moun konnen kilès ki Limyè a. Konsa tout moun ta rive kwè nan li. 8 Se pa Jan ki te limyè a. Men, li te vini pou fè moun konnen kilès ki limyè a. 9 Vrè limyè a, parèt li parèt nan mond lan, li klere tout moun.
10 Men Pawòl la te nan mond lan deja,
se ak Pawòl la menm mond lan te kreye.
Poutan, mond lan pa t rekonèt Pawòl la.
11 Li te vini pami moun pa l yo,
men moun pa l yo pa t resevwa li.
12 Men, tout moun ki resevwa Pawòl la,
epi ki kwè nan li,
li ba yo dwa pou yo vin pitit Bondye.
13 Yo vin pitit Bondye,
men sa pa fèt menm jan ak lè yon moun fè pitit.
Se pa paske yon moun te vle sa oubyen te fè plan pou sa,
men se yon bagay Bondye fè ak pwòp volonte li.
14 Pawòl la te vin tounen moun
epi li viv nan mitan nou.
Nou te wè grandè li manifeste,
yon glwa sèl pitit Bondye Papa a te ka genyen.
Pawòl la te plen gras
epi li montre nou tout verite Bondye a.
15 Jan te rann temwanyaj sou Pawòl la. Li pale byen fò, li di: “Se de li m t ap pale nou, lè m te di moun nan ki gen pou vini apre m nan pi gran pase m, paske li te la anvan m.”
16 Wi, Pawòl la te tèlman plen ak lanmou epi ak verite a pou nou,
nou tout resevwa benediksyon nan men li youn apre lòt.
17 Paske Bondye te ba nou Lalwa pa mwayen Moyiz,
men lanmou ak verite a vini pa mwayen Jezikris.
18 Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a.
Men, se sèl Pitit Bondye
a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a,
se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye.[a]
Copyright © 2017 by Bible League International