Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
7 Nou tou, se pou n resevwa youn lòt, menm jan Kris li menm, li te resevwa nou pou bay Bondye glwa. 8 M di nou Kris te vini kòm sèvitè pou Jwif yo pou montre kijan Bondye fidèl. Li fè sa, pou l te ka akonpli pwomès Bondye te fè zansèt Jwif yo. 9 Kris te fè sa tou pou moun ki pa Jwif yo te ka fè lwanj pou Bondye pou gras li anvè yo. Pawòl Bondye di:
“Se poutèt sa m va fè fèt pou di w mèsi pami moun lòt nasyon yo;
Se poutèt sa m va di w mèsi.”(A)
10 Epi Bib la di ankò,
“Nou menm moun lòt nasyon yo,
se pou n rejwi nou tou ak pèp Bondye a.”(B)
11 Bib la di ankò,
“Louwe Senyè a, nou menm moun lòt nasyon yo;
Tout moun, chante pou fè lwanj Senyè a.”(C)
12 Epi Ezayi di,
“Gen yon moun k ap leve nan ras fanmi Jese.[a]
L ap vini pou l gouvène nasyon yo,
epi y ap mete espwa yo nan li menm.”(D)
13 Se pou Bondye, ki bay esperans lan, ranpli nou ak kè kontan ak lapè poutèt konfyans nou. Se pou esperans nou rive debòde pa mwayen puisans Sentespri a.
Copyright © 2017 by Bible League International