Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
12 Pawòl Bondye[a] vivan epi li fè efè sou moun. Li pi file pase yon kouto debò. Li rive lwen jouk rive kote nanm ak lespri mare ansanm, kote zo ak mwèl fè youn. Li jije panse ak dezi ki nan fon kè lèzòm. 13 Pa gen anyen nan lemonn antye ki kache devan Bondye. Li ka wè tout bagay aklè. Tout bagay tou louvri devan l. E nou gen pou nou rann li kont sou jan nou te viv lavi nou.
Jezi se granprèt nou
14 Nou gen yon granprèt ki monte nan syèl la bò kote Bondye. Se Jezi Pitit Bondye a. An nou kenbe lafwa nou fèm nan Jezi. 15 Nou gen yon granprèt ki konprann feblès nou yo. Li pase anba tout kalite tantasyon menm jan avèk nou lè li t ap viv sou latè, men li pa t janm peche. 16 Kounye a nou ka pwoche bò twòn Bondye ak konfyans kote nou ka jwenn gras Bondye agogo pa mwayen Jezikris ki se granprèt nou. N ap jwenn gras ak konpasyon bò twòn Bondye pou ede nou nan moman nou pi bezwen yo.
Yon nonm rich refize swiv Jezi
(Mat 19:16-30; Lik 18:18-30)
17 Pandan Jezi te sou wout nan yon vwayaj, yon nonm kouri vin devan l, li mete ajenou nan pye l, epi nonm nan di l: “Bon mèt, kisa pou m fè pou m gen lavi etènèl?”
18 Jezi di l: “Pouki sa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen. Se sèl Bondye ki bon. 19 Ou konnen kòmandman yo: Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa bay manti sou moun, pa twonpe moun, onore manman w ak papa w.”(A)
20 Nonm nan di: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo deja depi m te tou piti.”
21 Jezi gade nonm nan yon jan ki fè ou wè li renmen l. Jezi di li: “Bon, gen yon sèl bagay ou rete pou ou fè ankò, al vann tout sa ou genyen, bay pòv lajan an, kon sa ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.”
22 Sa Jezi di a te fè nonm nan tris anpil epi l ale nan lapenn, paske li te gen anpil richès.
23 Apre sa, Jezi gade disip yo, li di yo: “Li p ap fasil non pou moun ki rich antre nan wayòm Bondye a.”
24 Disip yo te sezi lè yo te tande Jezi di sa, men li kontinye pou l di yo: “Timoun mwen yo, li pa fasil[a] ditou pou moun antre nan wayòm Bondye a! 25 L ap pi fasil pou yon chamo pase nan yon twou je yon zegwi pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”
26 Disip yo te pi sezi ankò, alò youn t ap di lòt: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?”
27 Jezi gade yo epi l di: “Pou lèzòm sa se yon bagay ki konplètman enposib, men pou Bondye tout bagay posib.”
28 Pyè di Jezi: “Nou te kite tout bagay pou n swiv ou.”
29 Jezi di: “Nenpòt moun ki pati kite kay li, frè oswa sè, papa oswa manman, pitit oswa jaden l poutèt mwen ak pou Levanjil la 30 li gen pou l resevwa san fwa plis pase sa li te kite yo. Nan mond sa a menm, li va gen plis kay, plis frè, plis sè, plis manman, plis pitit ak plis byen. Men y ap genyen pèsekisyon tou; epi nan lòt mond k ap vini an l ap jwenn lavi ki p ap janm fini an.” 31 Anpil moun ki nan premye plas kounye a ap gen pou vin dènye. Anpil moun ki dènye kounye a gen pou yo vin premye.
Copyright © 2017 by Bible League International