Revised Common Lectionary (Complementary)
141 ¶ Se yon sòm David. Seyè, m'ap rele ou, prese vin kote m' non! Panche zòrèy ou pou tande lè m'ap rele nan pye ou!
2 Se pou lapriyè m' moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m' leve men m' pou m' lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.
3 Seyè, mete yon mò nan bouch mwen. Veye pawòl k'ap soti nan bouch mwen!
4 Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m' mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m' patisipe nan fèt yo!
5 ¶ Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m'. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m' patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.
6 Se pou yo pran chèf mechan yo, jete yo anba nan falèz. Lè sa a, y'a rekonèt pawòl mwen se verite.
7 Tankou lè y'ap fann bwa pou fè l' fè ti moso, se konsa zosman nou yo pral gaye devan bouch twou kote mò yo ye a.
8 Men, Seyè, Bondye, se sou ou m'ap gade. Se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, pa kite m' san sekou!
9 Pa kite m' pran nan pèlen yo tann pou mwen, nan pèlen moun k'ap fè mal yo.
10 Se pou mechan yo pran nan pèlen y'ap pare pou lòt moun, epi mwen menm, pou m' fè chemen mwen!
43 ¶ Nonm lan mennen m' bò pòtay ki bay sou solèy leve a.
2 Rive la, mwen wè gwo limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la k'ap soti bò solèy leve a, k'ap vini. Li fè yon gwo bri tankou bri lanmè ki move. Gwo limyè sa a te klere toupatou sou latè.
3 Vizyon sa a te parèy ak vizyon mwen te wè lè Bondye t'ap vini pou kraze lavil Jerizalèm lan, li te parèy ak vizyon mwen te wè bò larivyè Keba a. Mwen lage kò m' fas atè.
4 Gwo limyè a pase nan pòtay solèy leve a, li antre nan Tanp lan.
5 Lespri Seyè a leve m' anlè, li fè m' antre nan ti lakou anndan an, kote mwen wè gwo limyè Seyè a te plen tout Tanp lan nèt.
6 Nonm lan menm te kanpe bò kote m'. Mwen tande Seyè a pale avè m', antan li anndan tanp lan, li di m' konsa:
7 ¶ -Nonm o! Men fotèy kote m' chita a! Men kote m'ap poze pye m' yo. Se la mwen pral rete nan mitan moun pèp Izrayèl yo pou tout tan. Ni pèp Izrayèl la ni wa yo p'ap janm fè sèvis pou lòt bondye osinon sou tonm wa yo ankò pou yo derespekte non m'.
8 Wa yo te konn moute poto kay yo toupre Tanp mwen an, yo te mete papòt yo toupre papòt Tanp mwen an. Konsa se yon senp ti miray ki te separe yo avè m'. Men, yo lage kò yo nan fè yon bann vye bagay derespektan. Yo trennen non m' nan labou. Se poutèt sa mwen te move sou yo, mwen fini ak yo.
9 Koulye a, se pou yo sispann fè sèvis pou lòt bondye, se pou yo wete kadav wa yo devan je m'! Si yo fè sa, m'a rete nan mitan yo pou tout tan.
10 Seyè a di m' ankò: -Nonm o! Fè moun pèp Izrayèl yo konnen ki jan Tanp lan pral ye. Fè yo kalkile plan Tanp lan byen. Fè yo wont tout vye bagay derespektan yo te konn fè yo.
11 Si yo wont tou sa yo te konn fè yo, w'a esplike yo plan Tanp lan: jan tout bagay ranje ladan l', kote pou yo pase antre, kote pou yo pase soti, fòm l'ap genyen, ansanm ak tout regleman ak lòd ki bay jan pou yo sèvi ladan l'. Kouche tou sa sou papye devan je yo pou yo ka wè jan tout bagay ranje, pou yo ka konfòme yo. Men lòd mwen bay pou Tanp lan:
12 Tout zòn ki bò Tanp lan sou tèt mòn lan, se yon kote apa nèt pou mwen. Men lòd mwen bay sou Tanp lan.
37 Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm ki touye pwofèt yo, ou menm k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou manman poul k'ap sanble pitit li anba zèl li, men ou pa t' vle!
38 Enben, tout kay ou yo pral rete san yon moun ladan yo.
39 Paske, m'ap di ou sa: Depi jòdi a, nou p'ap wè m' ankò jouk lè a va rive pou nou di: Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la.
24 ¶ Jezi soti nan tanp lan, li tapral fè wout li lè disip li yo pwoche bò kote li. Yo t'ap fè l' wè ki jan tanp lan te byen bati.
2 Men li di yo: Nou wè tout bagay sa yo! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Yon lè p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè.
3 Jezi te chita sou mòn Oliv la. Disip li yo te pou kont yo avèk li. Yo pwoche bò kote l', yo mande li: Manyè di nou kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt?
4 ¶ Jezi reponn yo: Atansyon pou pesonn pa twonpe nou.
5 Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun.
6 Nou pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa.
7 Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote.
8 Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.
9 Lè sa a, y'ap pran nou, y'ap lage nou nan men moun k'ap fè nou pase touman, y'ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen.
10 Lè sa a, anpil moun pral jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche, yonn pral denonse lòt, yonn pral rayi lòt.
11 Gen anpil moun k'ap parèt, y'ap pran pòz pwofèt yo, y'a twonpe anpil moun.
12 Ap sitèlman gen mechanste sou latè, pifò moun yonn p'ap renmen lòt.
13 Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre.
14 Fòk yo gen tan mache bay bon nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa a atò lafen an va rive.