Revised Common Lectionary (Complementary)
123 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ou menm ki chita sou fotèy ou nan syèl la ap gouvènen, se bò kote ou mwen leve je mwen.
2 Menm jan domestik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa m'ap gade sou Seyè a, Bondye nou an, jouk l'a gen pitye pou nou.
3 Gen pitye pou nou, Seyè, gen pitye pou nou, paske nou sibi kont nou anba moun k'ap meprize nou yo.
4 Moun ki alèz yo pase nou nan kont betiz. Moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ap foule nou anba pye yo.
21 ¶ Lè sa a, Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:
17 ¶ Ou janm wè limyè mechan an mouri? Ou janm tande malè rive yo? On jan wè Bondye fè kolè pou l' pini malveyan yo,
18 pou van bwote yo ale tankou zèb chèch, pou van tanpèt chase yo tankou pay pitimi?
19 Yo pretann di Bondye va pini pitit pou peche papa yo! Poukisa se pa papa yo menm li pini pou yo ka pran leson?
20 Se pou mechan yo te wè chatiman yo. Se yo menm ki te pou santi kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a pa dous.
21 Ki mele yo sa ki rive pitit yo, lè yo fin ale, lè yo fin viv tan pou yo te viv la?
22 Men, Bondye ki jije ata zanj ki nan syèl la, ki moun ki ka moutre l' sa pou li fè?
23 Gen moun ki pa janm malad jouk yo mouri. Jouk jou yo antre anba tè, yo kontan, yo pa gen tèt chaje.
24 Yo gra nan tout kò yo, tout zo yo plen ak mwèl.
25 Yon lòt menm pa janm konnen sa ki rele kè kontan. Li pase tout lavi l' nan nesesite, li mouri nan mizè.
26 Men, lè tou de mouri, yo antere yo, vèmen kouvri kadav yo menm jan.
27 ¶ Men wi, mwen konnen sa ki nan tèt nou. Mwen konnen ki move lide n'ap fè sou mwen koulye a.
28 N'ap mande kote kay gwo zotobre a. Sa ki rive kay nèg ki te konn fè sa ki mal la.
29 Kouman? Nou pa pale ak moun ki vwayaje? Nou pa konn ki nouvèl y'ap bay?
30 Jou Bondye ankòlè, lè l'ap pini an, se toujou mechan yo ki resi chape kò yo!
31 Men, ki moun ki ka kanpe devan yo pou akize yo? Ki moun ki ka fè yo peye sa yo fè a?
32 Yo fè bèl lantèman pou yo. Yo mete moun veye tonm yo.
33 Foul moun ap swiv sèkèy yo, yon pati moun devan, yon pati moun dèyè. Menm tè a chita dous sou kadav yo.
34 Lèfini, n'ap chache konsole m' ak yon bann pawòl san sans. Tou sa n'ap reponn mwen la a se manti.
1 ¶ Mwen menm, chèf reskonsab nan legliz la, m'ap ekri lèt sa a pou Kiriya Bondye te chwazi a, yon moun mwen renmen tout bon, ansanm ak pitit li yo. Se pa mwen sèlman, men se tout moun ki konn verite a ki renmen nou.
2 Paske verite a nan kè nou, l'ap avèk nou pou tout tan.
3 Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Pitit Papa a, pou yo gen pitye pou nou, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze, pou nou ka resevwa tout bagay sa yo nan laverite ak nan renmen.
4 Mwen pa t' manke kontan lè m' wè te gen de twa nan pitit ou yo k'ap mache nan verite a, jan Papa a mande nou sa.
5 ¶ Koulye a, men sa m'ap mande ou, Kiriya: se pou nou yonn renmen lòt. Se pa yon lòt kòmandman tou nèf m'ap ekri la a ban nou. Se menm kòmandman nou te genyen depi nan konmansman an.
6 Si nou gen renmen nan kè nou, sa vle di n'ap viv dapre kòmandman Bondye yo. Men sa Bondye mande nou, se pou nou viv nan renmen. Se sa menm nou te aprann depi nan konmansman.
7 ¶ Gen anpil moun koulye a toupatou sou latè k'ap chache twonpe moun: yo pa vle rekonèt Jezikri te vin sou latè tankou yon moun tout bon. Moun nou wè k'ap fè sa, se moun k'ap twonpe moun, se moun k'ap goumen ak Kris la.
8 Veye kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou.
9 Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la.
10 ¶ Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li.
11 Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.
12 ¶ Mwen gen anpil bagay pou m' di nou. Men, mwen pito pa ekri yo sou papye ak lank. Mwen swete m'a ka vin lakay nou pou m' pale ak nou fasafas, pou nou tout nou ka kontan nèt.
13 Pitit sè ou yo, sè Bondye te chwazi ansanm avè ou la, yo voye bonjou pou ou.