Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 37:1-9

37 ¶ Se yon sòm David. Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo!

Talè konsa, y'ap rache yo tankou raje. Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon.

Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!

Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.

Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.

L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.

¶ Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.

Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal.

Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo.

2 Wa 18:1-8

18 ¶ Oze, pitit Ela, t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Ezekyas, pitit gason Akaz, moute wa nan peyi Jida.

Lè sa a, li te gen vennsenkan. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Abi. Se te pitit fi Zakari.

Li te mache dwat devan Seyè a, li te fè menm jan ak David, zansèt li a.

Se li menm ki te kraze tout tanp zidòl yo. Li kraze tout wòch yo te mete kanpe pou zidòl yo, li koupe estati Achera yo. Li kraze an miyèt moso estati sèpan an kwiv Moyiz te fè a, paske jouk lè sa a toujou pèp Izrayèl la t'ap boule lansan pou li. Yo te rele l' Newouchtan.

Ezekyas te mete tout konfyans li nan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Peyi Jida a pa janm gen yon wa tankou l', ni anvan l' ni apre l'.

Li te kenbe Bondye li fèm, li pa t' janm dezobeyi l'. Li te fè tou sa Seyè a te mande dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.

Se poutèt sa, Seyè a te toujou la avè l'. Tou sa li te fè te byen soti. Ezekyas kenbe tèt ak wa peyi Lasiri a. Li derefize soumèt devan li.

Li bat moun peyi Filisti yo, li kouri dèyè yo rive lavil Gaza ak sou fwontyè l' yo, li piye dènye kote yo te rete, depi ti bouk avanpòs yo rive nan gwo lavil ak ranpa yo.

2 Wa 18:28-36

28 Lè sa a, chèf gad palè a kanpe, li pran pale byen fò an ebre, li di konsa: --Koute sa gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye di nou.

29 Li voye di nou pa kite Ezekyas twonpe nou. Li pa ka sove nou tande.

30 Pa kite l' pran tèt nou lè l'ap di nou nou mèt sèten Seyè a pral sove nou, Seyè a p'ap lage lavil la nan men wa peyi Lasiri a.

31 Pa koute wa Ezekyas! Wa peyi Lasiri a mande pou nou fè lapè avè l', pou nou rann tèt nou ba li. Konsa, nou tout ka manje rezen nan jaden rezen nou, n'a ka manje fig frans nan pye fig frans nou, n'a ka bwè dlo nan pi nou.

32 Lè wa a va vin isit la pita, la pran nou, la mennen nou nan yon lòt peyi ki tankou peyi pa nou an, yon peyi kote ki gen anpil ble pou fè farin ak anpil rezen pou fè diven, yon peyi kote ki gen pye oliv pou fè lwil oliv ak anpil siwo myèl. Konsa n'a viv, nou p'ap mouri. Pa kite Ezekyas pran tèt nou pou nou kwè Seyè a va delivre nou.

33 Eske bondye lòt nasyon yo te delivre yo anba men wa peyi Lasiri a?

34 Kote bondye moun Amat yo ak bondye moun Apad yo? Kote bondye moun Sefavayim yo, moun Ena ak moun Iva yo? Eske yo te sove peyi Samari anba men l'?

35 Nan tout bondye sa yo, kilès ki te rive sove moun yo anba men l'? Poukisa atò se Seyè a ki pou ta sove lavil Jerizalèm anba men l'?

36 Men pèp la pa louvri bouch reponn, yo pa di yon mo paske wa a te bay lòd pou pesonn pa reponn.

Revelasyon 2:8-11

¶ Ekri zanj legliz ki nan lavil Esmen lan. Di l' konsa: Moun ki premie a ak dènye a, li menm ki te mouri, men ki te leve soti vivan nan lanmò a, men sa l' voye di ou:

Mwen konnen jan w'ap soufri. Mwen konnen jan ou pòv. Men, pou di vre, ou rich anpil! Mwen konnen jan moun ki swadizan jwif yo ap pale ou mal. Men, se pa jwif yo ye. Se yon bann moun Satan.

10 Ou pa bezwen pè pou sa ou pral soufri ankò. Koute, Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon. Nou pral soufri pandan dis jou. Men, kenbe fèm menm si nou gen pou n' mouri. M'a ban nou lavi pou rekonpans.

11 Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p'ap soufri dezyèm lanmò a.