Revised Common Lectionary (Complementary)
5 Se nan mitan lèzòm yo chwazi granprèt yo. Granprèt la la pou ede moun nan sèvis y ap fè pou Bondye. Li la pou ofri ofrann ak sakrifis pou peche yo bay Bondye 2 granprèt la genyen pwòp feblès pa l. Konsa, li ka aji avèk dousè ak moun ki fè sa ki mal poutèt inyorans yo. 3 Se rezon sa a ki fè li ofri sakrifis pou peche pa l menm jan li ofri sakrifis pou peche pèp la.
4 Se yon onè pou yon moun vin granprèt. Poutan, okenn moun pa ka chwazi tèt li pou l fè travay sa a. Se Bondye ki pou rele l menm jan li te fè l pou Aawon. 5 Menm jan an tou, Kris la pa t chwazi pou l te pran onè pou l vin granprèt. Men se Bondye li menm ki te chwazi l, lè l di:
“Ou se Pitit mwen.
Mwen se Papa w apati de jodi a.”(A)
6 Nan yon lòt pasaj Bondye di l:
“Ou se sakrifikatè pou letènite
nan menm liy ak Mèlkisedèk.”(B)
Copyright © 2017 by Bible League International