Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 25:11-20

11 Seyè, poutèt non ou pote a, padonnen peche m' yo, paske yo anpil.

12 Si yon moun gen krentif pou Seyè a, Seyè a va moutre l' chemen pou l' pran.

13 L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo.

14 Seyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.

15 ¶ Se sou Seyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m' lè m' nan move pa.

16 Seyè, vire je ou bò kote m'. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs.

17 Pa kite m' ak kè sere sa a. Wete m' nan tray m'ap pase a.

18 Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m' yo.

19 Gade tout kantite lènmi mwen genyen! Gade jan yo rayi m', jan y'ap pousib mwen.

20 Pwoteje m' non! Delivre m' non! Piga ou fè m' wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache.

Eklezyas 9:13-18

13 ¶ Men yon lòt bagay mwen te wè ankò: Se yon bèl egzanp ki moutre sa bon konprann ka fè pou moun.

14 Vwala se te yon ti bouk tou piti ki pa t' gen anpil moun ladan l'. Yon gran wa vin atake l' ak yon gwo lame. Li sènen bouk la toupatou, li fè pare yon bann bagay pou kraze miray ranpa bouk la.

15 Te gen yon nonm nan bouk la ki te gen lespri, men se te yon pòv malere. Se li ki te sove bouk la avèk konesans li. Apre sa, tout moun bliye l'.

16 Mwen te toujou di: Konesans pi bon pase gwo kouraj, men yo meprize konesans moun ki pòv. Yo p'ap koute yo lè y'ap pale.

17 Pito ou koute pawòl yon moun ki gen konprann ap di ou tou dousman pase pawòl chèf k'ap rele byen fò nan mitan yon bann moun sòt.

18 Konesans pi bon pase tout zam pou fè lagè. Men, fòt yon sèl moun ka fè anpil byen pèdi tou.

Matye 25:31-46

31 ¶ Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li.

32 Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, la separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò.

33 La mete mouton yo sou bò dwat li, kabrit yo sou bò gòch li.

34 Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan.

35 Mwen te grangou, nou ban m' manje; mwen te swaf dlo, nou ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou te resevwa m' lakay nou.

36 Mwen te toutouni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou pran swen m'; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen.

37 Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n' te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè?

38 Kilè nou te wè ou lwen peyi ou, pou nou te resevwa ou lakay nou? Osinon toutouni, pou n' te ba ou rad?

39 Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n' te al wè ou?

40 Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.

41 Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo.

42 Mwen te grangou, nou pa t' ban m' manje, mwen te swaf dlo, nou pa t' ban m' bwè.

43 Mwen te lwen peyi m', nou pa t' resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou pa t' ban m' anyen pou mwen te mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa t' vin wè mwen.

44 Lè sa a, y'a reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou, osinon swaf dlo, kilè nou te wè ou lwen peyi ou, osinon toutouni, kilè nou te wè ou malad osinon nan prizon, jouk pou nou pa t' ba ou lasistans?

45 Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa t' fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t' fè li.

46 Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.