Revised Common Lectionary (Complementary)
36 ¶ (36:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a. (36:2) Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye.
2 (36:3) Li kwè li pi bon pase sa l' ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l' yo.
3 (36:4) Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko.
4 (36:5) Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal.
5 ¶ (36:6) Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou.
6 (36:7) Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.
7 (36:8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.
8 (36:9) Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.
9 (36:10) Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè!
10 (36:11) Toujou renmen moun ki konnen ou! Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou!
11 (36:12) Pa kite awogan yo mete pye sou kou m'. Pa kite mechan yo fè m' kouri.
12 (36:13) Gade jan moun k'ap fè mal yo tonbe non! Yo rete atè a, yo pa ka kanpe sou pye yo ankò!
13 ¶ Grangou a te rèd anpil toupatou. pa t' gen manje ankò. Moun peyi Lejip ak moun peyi Kanaran yo t'ap fin deperi anba grangou a.
14 Jozèf te fin ranmase dènye lajan moun peyi Lejip ak moun peyi Kanaran te genyen nan vann yo ble. Li pote tout lajan an lakay farawon an.
15 Lè tout lajan moun yo fini nan peyi Lejip ak nan peyi Kanaran, tout moun peyi Lejip yo vin jwenn Jozèf, yo di l': -Ban nou manje non, souple. Pa kite nou mouri. Fè kichòy pou nou, nou pa gen lajan ankò.
16 Jozèf di yo: -Si nou pa gen lajan, mennen bèt nou yo vini, n'a boukante yo pou manje.
17 Se konsa, yo mennen bèt yo bay Jozèf pou fè boukantay. Li ba yo manje, yo ba li chwal, bèf, mouton, bourik. Pandan tout lanne a, li boukante manje ak yo pou valè bèt yo te genyen.
18 Apre lanne a fin pase, yo tounen bò kote Jozèf ankò. Yo di li: -Nou p'ap kapab kache ou sa, mèt. Lajan nou fini nèt. Nou deja ba ou tout bèt nou te genyen. Koulye a, mèt, se tè nou yo ak pwòp tèt nou ase ki rete pou n' ba ou.
19 Pa kite nou mouri. Fè kichòy pou nou! Pa kite nou pèdi tè nou yo. Fè pri pou nou menm ansanm ak tout tè nou yo. N'ap tounen esklav farawon an. Tè nou yo va pou li tou. Men, ban nou plan pou nou simen nan jaden nou yo pou nou pa mouri, pou tè a pa fin tounen savann.
20 Se konsa Jozèf achte tout tè Lejip la pou farawon an. tout moun peyi Lejip yo te vann li tè yo paske grangou a t'ap fini ak yo. tout peyi a vini pou farawon an.
21 Jozèf fè tout moun toupatou nan peyi a tounen esklav farawon an.
22 Se te prèt yo ase li pa t' manyen. Prèt yo pa t' bezwen tè pou yo manje, paske, dapre yon lwa ki gen nan peyi a, se farawon an menm ki te toujou peye yo. Se ak lajan sa a yo te viv.
23 Jozèf di pèp la: -Jòdi a, mwen achte nou ansanm ak tout tè nou yo pou farawon an. Men grenn m'ap ban nou pou nou plante nan jaden nou yo.
24 Lè sezon rekòt la va rive, n'a bay farawon an yon senkyèm (1/5) nan tou sa nou rekòlte. Rès la va pou nou, pou nou plante nan jaden nou yo, pou nou manje nou menm ansanm ak pitit nou yo ak tout moun ki lakay nou.
25 Yo reponn li: -Ou sove lavi nou! Sèl sa nou mande ou, se pou ou aji byen ak nou. N'ap rete esklav farawon an.
26 Se konsa, Jozèf te pase yon regleman pou tout peyi Lejip la: dapre regleman sa a ki la jouk koulye a toujou, se pou yo bay farawon an yon senkyèm sou chak rekòt. Se sèlman tè prèt yo ki pa t' pou farawon an.
14 Men, disip yo te bliye pran lòt pen: yo te gen yon sèl grenn pen avè yo nan kannòt la.
15 Jezi ba yo lòd sa a: -Fè atansyon. Pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm avèk ledven Ewòd la.
16 Disip yo pran pale pou kont yo, yonn t'ap di lòt: -Se paske nou pa gen pen kifè l' di nou sa.
17 Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: -Poukisa n'ap di: se paske nou pa gen pen? Se konnen nou pa konnen? Nou poko ka konprann toujou? Se bouche lespri nou bouche konsa?
18 Gen lè nou pa wè nan je nou? Nou pa tande nan zòrèy nou? Se bliye nou gen tan bliye?
19 Lè m' te separe senk pen bay senkmil (5,000) moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale? Yo reponn li: -Douz panyen.
20 Jezi mande yo anko: -Lè m' te separe sèt pen bay katmil (4.000) moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale? Yo reponn li: -Sèt panyen.
21 Lè sa a li di yo: -Nou pa konprann toujou?