Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 78:23-29' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Egzòd 12:43-13:2' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 11:27-34

27 Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oswa ki bwè nan koup nan Senyè a yon fason ki dezonore l, li komèt yon peche kont kò ak san Senyè a. 28 Anvan nou manje pen an oubyen nou bwè diven an, nou bezwen byen reflechi sou konpòtman nou ak atitid nou. 29 Nenpòt moun ki manje oswa bwè san okenn konsiderasyon pou sa yo ki fè pati kò Kris la, se kondanasyon l ap rale met sou tèt li. 30 Se poutèt sa gen anpil moun pami nou ki fèb epi ki malad. Gen kèk ki enfim epi plizyè lòt gen tan mouri. 31 Men si nou te byen egzamine pwòp tèt nou, Bondye pa t ap bezwen jije nou konsa. 32 Lè Senyè a jije nou, li pini nou pou l ka mete nou nan bon chemen. Li fè l kon sa pou l pa bezwen kondane nou avèk lemonn.

33 Konsa frè m ak sè m yo, lè nou reyini ansanm pou nou manje, nou dwe montre nou ospitalite youn pou lòt. 34 Si gen moun ki santi yo twò grangou pou yo tann lòt moun, se pou yo rete manje lakay yo. Wi, fè l kon sa pou lè nou reyini ansanm se pa jijman Bondye n ap rale sou nou. Lè m vini n a pale sou lòt bagay yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International