Revised Common Lectionary (Complementary)
119 ¶ Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a!
2 Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kè yo!
3 Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo.
4 ¶ Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn.
5 Jan m' ta renmen kenbe fèm pou m' toujou fè sa ou mande!
6 Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo.
7 ¶ M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè m' aprann tou sa ou deside nan jistis ou.
8 Mwen vle fè tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m'.
32 Toujou leve kanpe devan granmoun cheve blan. Respekte figi vye granmoun, paske nou gen krentif pou mwen menm, Bondye nou an. Se mwen menm ki Seyè a!
33 Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi a ansanm ak nou.
34 Se pou nou aji ak yo menm jan nou gen pou nou aji ak moun natif natal peyi a. Se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Pa bliye nou menm tou yon lè nou te rete nan peyi Lejip ki pa t' peyi pa nou! Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
35 Piga nou fè lenjistis nan tribinal. Piga nou twonpe moun lè n'ap mezire longè yon bagay, lè n'ap peze nan balans, lè n'ap mezire pa mamit.
36 N'a toujou gen bon balans, bon pwa, bon lòn, bon mezi. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip!
37 Se pou nou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou yo. Se pou nou swiv yo. Se mwen menm ki Seyè a!
21 Men koulye a, Bondye fè nou wè ki jan li fè moun gras. Lalwa pa gen anyen pou wè nan sa. Se sa liv lalwa a ansanm ak liv pwofèt yo di nou tou.
22 Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l' pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm.
23 Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a.
24 Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo.
25 Se li menm, Jezikri, Bondye te ofri tankou bèt pou touye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka resevwa padon pou peche yo. Bondye te vle moutre nou ki jan li fè moun gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans, li te fèmen je l' sou peche moun te fè.
26 Men koulye a, li moutre nou ki jan l'ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, an menm tan l'ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras.
27 Bon. Nan kondisyon sa a, ki rezon moun genyen pou y'ap fè grandizè ankò? Pa genyen menm. Poukisa? Eske se paske yo fè sa lalwa mande? Non. Men, paske yo fè Bondye konfyans.
28 Nou kenbe sa nou di a: se paske yon moun gen konfyans nan Bondye kifè Bondye fè l' gras, se pa paske li fè sa lalwa mande.
29 Eske Bondye se Bondye jwif yo sèlman? Eske li pa Bondye moun lòt nasyon yo tou? Men wi, li se Bondye moun lòt nasyon yo tou.
30 Paske se yon sèl Bondye a ki genyen. L'ap fè moun ki sikonsi yo gras paske yo gen konfyans nan li. Konsa tou, l'ap fè moun ki pa sikonsi yo gras paske yo menm tou yo gen konfyans nan li.
31 Bon. Jan nou pale a, èske konfyans nan Bondye fè lalwa a pèdi valè li? Men non, okontrè, nou kanpe lalwa a pi rèd.