Revised Common Lectionary (Complementary)
126 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè Seyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pa t' vle kwè se te vre!
2 Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: -Seyè a fè anpil bèl bagay pou yo!
3 Wi, li tè fè anpil bèl bagay pou nou, sa te fè kè nou kontan anpil.
4 ¶ Seyè, tanpri, fè moun yo te fè prizonye yo tounen nan peyi yo, menm jan lapli ou fè larivyè ki te sèk la koule ankò.
5 Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.
6 Moun ki t'ap kriye lè yo t'aprale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.
24 ¶ Seyè a te bay pwofèt Jeremi yon mesaj pou Chemaja, moun Nekelam,
25 paske Chemaja te pran reskonsablite voye yon lèt bay yon prèt yo te rele Sefanya, pitit Maseja, pou tout lòt prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo. Chemaja te voye di yo:
26 -Seyè a te fè ou prèt nan plas Jeojada pou veye sa k'ap pase nan tanp lan. Se devwa ou pou ou pran tout moun fou k'ap pran pòz pwofèt yo pou mete yo nan chenn ak yon kolye fè nan kou yo.
27 Poukisa ou pa fè anyen ak Jeremi, nonm Anatòt la, k'ap pran pòz pwofèt li nan mitan pèp la?
28 Men koulye a li ekri nou isit lavil Babilòn, li voye di nou n'ap rete lontan nan sitiyasyon sa a. Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou ka manje.
29 Sefanya, prèt la, te li lèt la bay pwofèt Jeremi.
30 Lè sa a, Seyè a bay Jeremi lòd sa a:
31 -Voye mesaj sa a bay tout moun yo depòte lavil Babilòn yo. Men sa Seyè a di sou Chemaja, moun Nekelam. Chemaja pran pòz pwofèt li, men se pa mwen ki voye l'. Li fè nou bwè yon bann manti.
32 Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen pral pini Chemaya ansanm ak tout kòt fanmi li. Mwen p'ap kite yon moun nan fanmi li vivan nan mitan nou pou wè bèl bagay mwen pral fè pou pèp mwen an, paske li te moute tèt pèp la kont Bondye, Seyè a.
22 ¶ Apre sa, y' ale Betsayda. Yo mennen yon nonm avèg bay Jezi. Yo mande li pou l' te manyen li.
23 Jezi pran men avèg la, li mennen l' soti nan bouk la. Li pran ti gout krache, li mete nan je avèg la. Apre sa, li mete men l' sou tèt avèg la: Li mande li: -Eske ou wè kichòy?
24 Avèg la louvri je l', li di: -Mwen wè moun k'ap mache; yo sanble pyebwa.
25 Jezi remete men l' ankò nan je l' yo. Lè sa a, avèg la wè klè nèt. Li te geri, li te wè tout bagay klè.
26 Jezi voye l' al lakay li, li di l' konsa: -Pa antre nan bouk la.