Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 126

126 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè Seyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pa t' vle kwè se te vre!

Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: -Seyè a fè anpil bèl bagay pou yo!

Wi, li tè fè anpil bèl bagay pou nou, sa te fè kè nou kontan anpil.

¶ Seyè, tanpri, fè moun yo te fè prizonye yo tounen nan peyi yo, menm jan lapli ou fè larivyè ki te sèk la koule ankò.

Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.

Moun ki t'ap kriye lè yo t'aprale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.

Jeremi 26:12-24

12 Lè sa a, Jeremi pale ak tout gwo chèf yo ansanm ak pèp la. Li di: -Se Seyè a ki voye m' pou m' fè nou konnen tou sa nou sot tande m' di la a sou Tanp lan ak sou lavil la.

13 Koulye a, se pou nou chanje jan n'ap viv la, sispann fè sa ki mal. Koute sa Seyè a, Bondye nou an, ap di nou. Lè sa a, l'a chanje lide, li p'ap voye malè li te di l'ap voye sou nou an.

14 Mwen menm, mwen nan men nou. Fè sa nou vle avè m', sa nou kwè nou dwe fè a.

15 Tansèlman, si nou touye m', konnen se lanmò yon inonsan n'ap gen ni sou konsyans nou, ni sou konsyans moun ki rete nan lavil la. Paske, sa m'ap di nou la a, se vre wi, se Seyè a menm ki voye m' pou m' fè nou tande tout pawòl sa yo.

16 ¶ Lè sa a, gwo chèf yo ak tout pèp la pale ak prèt yo ansanm ak pwofèt yo. Yo di yo: -Pa gen anyen la a pou n' touye nonm sa a. Paske se nan non Seyè a, Bondye nou an, li pale ak nou.

17 Apre sa, kèk chèf fanmi kanpe epi yo di moun ki te sanble yo:

18 -Sou rèy Ezekyas, wa peyi Jida a, pwofèt Miche, moun lavil Morechèt la, te bay tout pèp peyi Jida a mesaj sa a: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: N'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen yon mazi. Gwo rakbwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.

19 Lè sa a, èske wa Ezekyas ak pèp peyi Jida a te fè touye pwofèt Miche? Non, yo fè wè jan yo te gen krentif Seyè a, yo mande l' pou l' gen pitye pou yo. Se konsa Seyè a chanje lide, li pa voye malè li te di l'ap voye sou yo a. Koulye a, nou soti pou nou rale yon gwo malè sou nou si nou fè nonm sa a anyen.

20 Te gen yon lòt nonm yo te rele Ouri ki t'ap pale nan non Bondye. Se te pitit Chemaya, moun lavil Kiriyat Jearim. Li menm tou, tankou Jeremi, li t'ap pale nan non Bondye sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida.

21 Lè wa Jojakim, gad li yo ansanm ak tout chèf li yo tande sa li t'ap di, wa a t'ap chache yon jan pou touye li. Ouri vin konn sa, li pè, li kouri al kache nan peyi Lejip.

22 Se konsa, wa Jojakim voye Elnatan, pitit Akbò, ansanm ak kèk lòt gason nan peyi Lejip al chache msye.

23 Yo pran Ouri nan peyi Lejip, yo mennen l' bay wa a. Wa a fè yo touye l'. Lèfini, yo jete kadav li nan gwo fòs endijan yo.

24 Men, Akikam, pitit Chafan an, t'ap pwoteje Jeremi. Se konsa li pa t' kite yo lage Jeremi nan men pèp la pou yo te touye l'.

Ebre 7:11-22

11 ¶ Se sou baz travay prèt ras Levi yo Bondye te bay pèp Izrayèl la lalwa Moyiz la. Si travay prèt ras Levi yo te yon travay ki te bon nèt, pa ta gen nesesite menm pou yon lòt prèt ki menm jan ak Mèlkisedèk men ki pa menm jan ak Arawon ta vini.

12 Lè yo chanje travay prèt la, se pou yo chanje lalwa a tou.

13 Men, nan tout pawòl sa yo, se sou Seyè a y'ap pale. Men li menm, li soti nan yon lòt branch fanmi, ki pa janm gen pesonn ladan l' ki te konn fè sèvis prèt yo devan lòtèl la.

14 Sa se bagay tout moun konnen, Jezi te fèt nan branch fanmi Jida. Moyiz pa t' janm bay non sa a lè li t'ap pale sou prèt yo.

15 Bon, men yon lòt pwen k'ap eklèsi keksyon an plis toujou. Nou wè se yon lòt prèt ki tankou Mèlkisedèk ki vin la a.

16 Yo pa t' fè l' prèt dapre regleman lèzòm: men, se akòz pouvwa lavi ki p'ap janm fini an kifè yo fè l' prèt.

17 Men sa ki ekri nan Liv la: Ou prèt pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk.

18 Konsa, yo mete ansyen regleman an sou kote, paske li fèb, li pa t' kapab sèvi anyen ankò.

19 Lalwa Moyiz la pa t' kapab rann anyen bon nèt sou tout pwen. Men, koulye a, yo ban nou yon pi bèl espwa, kifè nou ka pwoche bò kot Bondye.

20 Gen yon lòt bagay ankò: Se sèman Bondye te fè a. Bondye te fè lòt yo prèt san l' pa t' fè sèman.

21 Men pou Jezi, Bondye te fè sèman lè li t'ap mete l' prèt, paske li te di: Bondye fè sèman. L'ap toujou kenbe pawòl li: Ou prèt pou tout tan.

22 Konsa, avèk Jezi sa ban nou yon garanti, nou gen yon lòt kontra ak Bondye ki pi bon lontan pase premye a.