Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 37:23-40

23 Seyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat.

24 Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Seyè a ap ba yo men.

25 Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.

26 Okontrè, moun ki mache dwat l'a toujou gen kè sansib pou l' bay, pou li prete moun tou. Tout pitit pitit li yo tounen yon benediksyon pou lòt moun.

27 Pa fè mal, fè sa ki byen. W'a toujou gen yon kote nan peyi a pou ou rete.

28 Paske, Seyè a renmen moun ki mache dwat. Li pa lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li. L'ap toujou pwoteje yo. Men, ras mechan yo gen pou disparèt.

29 Moun ki mache dwat gen pou pran peyi a pou yo. Y'ap rete nan peyi a tout tan tout tan.

30 Moun ki mache dwat devan Bondye bay bon konsèy. Se bon pawòl ase ki soti nan bouch li.

31 Li kenbe lalwa Bondye a fèm nan kè li, li p'ap janm bite.

32 Mechan an ap veye tout vire tounen moun k'ap mache dwat, l'ap chache jan pou l' touye l'.

33 Men, Seyè a p'ap lage l' nan men mechan an, li p'ap kite yo kondannen l' lè y'ap jije l'.

34 ¶ Mete konfyans ou nan Seyè a, fè tou sa l' mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè.

35 Mwen te wè yon mechan ki te fè tout moun pè li, li te kanpe tankou yon gwo pye mapou.

36 Apre sa, mwen tounen vin pase kote l' te ye a, li pa t' la. Mwen chache l', mwen pa janm wè l' ankò.

37 Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l'. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit.

38 Men, moun k'ap fè mal yo, y'ap rete konsa y'ap disparèt. Tout pitit ak pitit pitit yo ap disparèt tou.

39 Se Seyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray.

40 L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y' al chache pwoteksyon.

1 Samyèl 10:17-25

17 ¶ Samyèl reyini pèp Izrayèl la pou fè yon gwo sèvis pou Bondye lavil Mispa.

18 Li di yo: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la di: Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip la. Se mwen menm ki te delivre nou anba men moun Lejip yo, anba men moun lòt nasyon ki t'ap peze nou yo.

19 Se mwen menm Bondye nou an ki te pwoteje nou nan tout move pa, nan tout kè sere, epi koulye a n'ap voye m' jete, n'ap di m' se yon wa pou m' mete gouvènen nou! Enben, nou tout, vini non devan Seyè a. Sanble tout moun, branch fanmi pa branch fanmi, fanmi pa fanmi. Fè yo parèt devan li.

20 Lè sa a, Samyèl fè tout pèp Izrayèl la pwoche branch fanmi pa branch fanmi. Seyè a chwazi branch fanmi Benjamen an.

21 Apre sa, Samyèl fè tout fanmi branch Benjamen yo pwoche yonn apre lòt. Seyè a chwazi fanmi Matri a. Lè sa a, li fè tout gason nan fanmi Matri a parèt devan Seyè a, Bondye chwazi Sayil, pitit gason Kich la. Yo chache l', men yo pa t' ka jwenn li.

22 Y' al mande Seyè a si pa gen lòt moun ankò. Seyè a reponn: -Men Sayil kache dèyè pwovizyon yo!

23 Se konsa yo kouri al wete l' la, yo mennen l', yo fè l' kanpe nan mitan pèp la. Li te pi wo pase yo tout.

24 Samyèl di pèp la: -Men moun Seyè a chwazi a. Pa gen tankou l' nan mitan pèp la. Tout pèp la pran rele: -Viv wa Sayil!

25 Apre sa, Samyèl esplike pèp la ki jan pou wa a boule ak yo. Lèfini, li ekri tou sa li te di yo nan yon liv li mete devan lotèl Seyè a. Apre sa, Samyèl voye tout moun lakay yo.

Ebre 6:13-20

13 Lè Bondye te fè Abraram pwomès la, li te fè sèman li t'ap kenbe li. Li fè sèman an sou tèt li, paske pa gen pi gran pase li.

14 Li te di: Mwen pwomèt ou pou m' beni ou, pou m' ba ou anpil anpil pitit pitit.

15 Abraram te rete tann ak pasyans. Se konsa li resevwa sa Bondye te pwomèt li a.

16 Lè moun ap fè sèman, yo sèmante sou sa ki pi gran pase yo. Yo pran sèman an pou yon garanti pou fini tout diskisyon yo ka gen yonn ak lòt.

17 Men, Bondye te vle fè moun ki pou te resevwa sa l' te pwomèt la wè aklè li pa t'ap janm chanje pawòl. Se sak fè, li ajoute sèman an dèyè pwomès la.

18 Konsa, vin gen de bagay la a ki pa ka chanje, de bagay Bondye pa ka bay manti sou yo. Nou menm menm ki jwenn yon pwoteksyon nan men l', sa ankouraje nou anpil pou nou kenbe byen fèm espwa Bondye ofri nou an.

19 Espwa sa a, se tankou yon lank batiman li ye pou nou. L'ap kenbe nanm nou fè m', byen solid. Lank sa nou genyen an, li chouke jouk lòt bò rido tanp ki nan syèl la.

20 Se la Jezi te antre an premye pou louvri chemen an pou nou, li menm ki te tounen yon granprèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.