Revised Common Lectionary (Complementary)
112 ¶ Lwanj pou Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, ki pran tout plezi l' nan fè sa li mande!
2 Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li.
3 Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye.
4 Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri.
5 Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis!
6 ¶ Li p'ap janm bite. Yo p'ap janm bliye l'.
7 Kè l' p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Seyè a.
8 Anyen p'ap brannen l', li pa pè anyen. Se konsa l'ap kanpe gade moun ki pa vle wè l' yo.
9 Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'.
10 Lè mechan wè sa, li move. li manje dan l', kè l' grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive.
13 ¶ Sipoze yon nonm pran yon fanm pou madanm li, li kouche avè l', epi apre sa, li vin pa renmen l' ankò.
14 Lè sa a, li ba l' tout kalite defo ki genyen, li avili l' devan tout moun, li di: Fanm sa a pa di m' anyen ankò, paske lè m' marye avè l', lè nou vin ansanm, mwen te jwenn li pa t' tifi.
15 Enben, lè sa a, papa ak manman jenn madanm lan va pran dra maryaj la ki gen prèv madanm lan te tifi, y'a pote l' nan tribinal bò pòtay lavil la, y'a moutre chèf fanmi lavil yo li.
16 Epi, papa jenn ti madanm lan va di chèf fanmi yo: mwen te bay nonm sa a pitit fi mwen pou madanm. Koulye a, li pa renmen l' ankò,
17 li pretann di madanm lan plen defo, l'ap di: O wi, mwen pa jwenn madanm lan tifi, men mwen pote ban nou prèv li te tifi. Epi l'a louvri dra a devan tout chèf fanmi lavil la.
18 Lè sa a chèf fanmi lavil yo va pran mari a, y'a bat li byen bat.
19 Y'a fè l' peye yon amann, y'a fè l' bay san pyès ajan, y'a renmèt bay papa jenn fanm lan, paske li te pale yon jenn tifi moun Izrayèl yo mal. Lèfini l'a blije rete ak fanm lan, li p'ap janm ka divòse avè l', jouk li menm li mouri.
20 Men, si sa mari a te di a se te vre, kifè yo pa t' kapab bay prèv madanm lan te tifi,
21 y'a pran ti madanm lan, y'a mennen l' deyò devan lakay papa l', epi tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te fè yon wont nan peyi Izrayèl la, li te lage kò l' nan dezòd antan li te lakay papa l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.
22 Si nou bare yon nonm ap kouche ak yon madan marye, yo tou de fèt pou mouri, ni nèg ki te kouche ak fanm lan ni fanm lan tou. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.
23 Si yon jenn fi tifi fiyanse ak yon nonm epi yon lòt nèg kontre avè l' nan yon lavil, li kouche avè l' epi moun bare yo, n'a kalonnen yo wòch jouk yo mouri. Jenn fi a va mouri paske se nan mitan yon lavil li ye, li ta ka rele mande sekou.
24 Nèg la va mouri tou paske li te avili yon fi ki te fiyanse ak yon moun pèp Izrayèl parèy li. Wi, se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.
25 Men, si se andeyò lwen kay moun nèg la te kontre ak jenn fi fiyanse a, epi li kenbe l', li kouche avè l', se nèg la sèlman ki pou mouri.
26 Yo pa gen dwa fè jenn fi a anyen, paske li pa fè anyen la a pou li ta merite lanmò. Se menm jan si se te yon nonm ki atake yon lòt epi li touye l'.
27 Nèg la te kontre avè l' andeyò lwen kay. Jenn fi a te ka rele, men pa t' gen pesonn pou pote l' sekou.
28 Si yon nonm kontre ak yon jenn fi ki tifi lakay papa l', ki poko fiyanse, epi li kenbe l', li fòse l' kouche avè l', si yo bare yo,
29 nèg ki te kouche avèk fi a va gen pou l' bay papa fi a senkant pyès ajan. Li va pran fi a pou madanm li, paske li te fòse l' kouche avè l'. Li p'ap janm ka divòse avè l' jouk li mouri.
30 Yon nonm pa gen dwa kouche ak madanm papa l'. Li pa gen dwa avili papa l' konsa.
7 ¶ Bon. Koulye a ann wè keksyon nou te mande m' nan lèt nou an: Wi. Yon nonm fè byen si l' pa marye.
2 Men, sitèlman gen dezòd lachè deyò a, se pou chak gason gen madanm pa yo. Konsa tou, se pou chak fanm gen mari pa yo.
3 Se pou gason an fè tout devwa yon mari dwe fè anvè madanm li. Konsa tou, se pou fanm lan fè tout devwa yon madanm dwe fè anvè mari li.
4 Madanm lan pa ka fè sa l' vle ak kò li. Se pou mari a kò madanm lan ye. Konsa tou, yon mari pa ka fè sa l' vle ak kò li. Se pou madanm lan kò mari a ye.
5 Piga yonn repouse lòt, esepte si nou te antann nou sou sa pou yon moman pou nou ka lapriyè. Men apre sa, tounen tounen nou ansanm pou n' viv tankou mari ak madanm. Si nou pa fè l' konsa, nou riske pa ka kontwole kò nou ankò. Lè sa a, n'a ka tonbe pi fasil nan pèlen Satan.
6 Se pa yon lòd m'ap bay lè m' di sa, men se yon pèmisyon.
7 Pou di vre, mwen ta pito wè tout moun fè tankou mwen. Men, chak moun gen kado pa yo Bondye ba yo. Yon moun resevwa yon kalite kado, yon lòt moun resevwa yon lòt kalite kado.
8 Men sa m'ap di moun ki pa marye yo ansanm ak vèv yo. Li ta pi bon pou yo rete tankou m', pou kont yo.
9 Men, si nou pa ka kontwole kò nou, marye marye nou. Pito nou marye pase pou n' kite lanvi boule nou.