Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 8

¶ (8:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm David. (8:2) Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa! Pouvwa ou moute pi wo pase syèl la!

(8:3) Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete chante jan ou gen fòs, pou ou koresponn ak moun ki pa vle wè ou yo, pou ou fèmen bouch lènmi ou yo ak moun k'ap kenbe tèt avè ou yo.

¶ (8:4) Lè m'ap gade syèl ou fè ak men ou lan, lalin ak zetwal ou mete ladan li,

(8:5) m'ap mande: -Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa?

(8:6) Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè.

(8:7) Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo:

(8:8) Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo,

(8:9) zwazo nan syèl, pwason nan dlo, ansanm ak tout lòt bèt k'ap viv nan lanmè.

(8:10) Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa!

Jenèz 21:22-34

22 ¶ Lè sa a, Abimelèk ale ansanm avek Pikòl, kòmandan lame li a, li pale ak Abraram. Li di l' konsa-Bondye avè ou nan tout sa w'ap fè.

23 Koulye a, fè sèman, isit la menm, devan Bondye, ou p'ap janm twonpe ni mwen menm, ni pitit mwen yo, ni pitit pitit mwen yo. Mwen te aji byen avè ou. Pwomèt w'ap aji byen avè m' tou, epi w'ap sèvi byen ak tout moun nan peyi kote ou rete a.

24 Abraram reponn. -M' fè sèman.

25 Men Abraram te fè Abimelèk repwòch pou yon pi li domestik Abimelèk yo te pran pa fòs.

26 Abimelèk di l' -Mwen pa konnen ki moun ki fè sa. Ni tou, ou pa t' janm di m' anyen sou sa. Se koulye a m'ap tande koze a.

27 Abraram pran kèk mouton ak kèk bèf li bay Abimelèk. Konsa, yo pase kontra yonn ak lòt.

28 Abraram pran sèt mouton nan bann mouton l' yo, li mete yo sou kote.

29 Abimelèk mande l' -Poukisa ou mete sèt mouton sa yo sou kote.

30 Abraram reponn li-Asepte sèt mouton sa yo. Si ou asepte yo, sa vle di ou rekonèt devan tout moun se mwen menm ki te fouye pi a.

31 Se poutèt sa yo rele anplasman an Bècheba, paske se la menm yo te sèmante yonn bay lòt.

32 Se Bècheba yo te pase kontra yonn ak lòt. Apre sa, Abimelèk leve, li tounen nan peyi moun Filisti yo, ansanm ak Pikòl, kòmandan lame li a.

33 ¶ Se la Bècheba Abraram plante yon pye tonmaren. Lèfini li fè sèvis pou Seyè a, Bondye ki la pou tout tan an.

34 Apre sa, Abraram rete kèk lanne ankò nan peyi Filisti a.

Ròm 8:1-11

¶ Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.

Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò.

Bagay lalwa Moyiz la pa t' kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè l': Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè l' voye pwòp Pitit pa l' nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l' te ka fini nèt ak peche a.

Bondye te fè sa pou nou pa t' viv dapre sa moun jwenn nan kò yo, men dapre Lespri Bondye a, pou n' te ka satisfè tout egzijans lalwa a.

Moun k'ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo: se egzijans kò a. Men, moun k'ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki man tèt yo: se egzijans Lespri a.

Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze.

Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm.

Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi.

Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.

10 ¶ Men, si Kris la ap viv nan ou, kò ou te mèt mouri akòz peche a, Lespri Bondye a ap ba ou lavi, paske ou jwenn gras devan Bondye.

11 Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou.