Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 116:1-9

116 ¶ Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen.

Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'.

Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn.

Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non!

Seyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè.

Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen.

Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen.

Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite.

Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo.

Jozye 2:1-14

¶ Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete Sitim kote yo te ye a, li voye de nèg an kachèt al wè jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo: -Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko. Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennès ki te rele Rarab. Se la yo desann.

Men, nouvèl la tonbe nan zòrèy wa Jeriko a. Yo vin di l' konsa: -Gen kèk moun nan pèp Izrayèl la ki antre isit la lannwit lan pou espyonnen nou.

Lè wa a tande sa, li voye di Rarab konsa: -Mesye ki vin lakay ou yo, se espyonnen yo vin espyonnen tou sa k'ap fèt nan peyi a, tande! Mete yo deyò lakay ou.

Men, fanm lan menm pa fè ni de ni twa, li pran de mesye yo, li kache yo. Apre sa, li voye di wa a: -Wi, te gen kèk mesye ki te vin lakay mwen. Mwen pa t' konnen ki bò yo soti.

Men, lè yo tapral fèmen pòtay la apre solèy fin kouche, mesye yo soti, y' ale fè wout yo. Mwen pa konn ki wout yo fè. Si nou fè vit rapouswiv yo, n'a jwenn yo.

Men madanm lan te fè de mesye yo moute sou teras anwo kay li a, li te kache yo anba yon pakèt kòs bwa ki te blayi atè sou teras la pou yo cheche.

Sòlda wa yo menm soti sou wout ki mennen larivyè Jouden an, yo pati dèyè mesye yo pou yo pran yo anvan yo rive nan pas la. Soti sòlda yo soti, yo fèmen pòtay la.

¶ Anvan mesye yo gen tan dòmi, Rarab moute bò kote yo, sou teras la.

Li di yo: -Mwen konnen Seyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou.

10 Paske, nou tande ki jan Seyè a te cheche dlo Lanmè Wouj la devan nou lè nou t'ap soti kite peyi Lejip la. Nou tande sa nou te fè Siyon ak Og, de wa peyi Amori yo, ki rete lòt bò larivyè Jouden an, jan nou te touye yo pou Seyè a.

11 Lè nou tande sa, kè nou fann. Tout moun pèdi kouraj lè yo wè nou, paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm vre ki Bondye anwo nan syèl la ak sou latè a.

12 Koulye a, m'ap mande nou pou nou fè sèman devan Seyè a pou nou pwomèt n'ap aji byen avèk fanmi mwen, menm jan mwen aji byen avèk nou tou. Men sa m'ap mande nou pou nou fè pou mwen.

13 Tanpri, sove lavi manman m' ak papa m', sove lavi frè m' yo ak sè m' yo ansanm ak tout fanmi m' yo. Pa kite yo touye nou.

14 Mesye yo reponn li. -Nou pwomèt ou n'a pito mouri nou menm pase pou n' kite yo touye ou. Si ou pa di pesonn sa nou vin fè isit la, lè Seyè a va ban nou peyi a, n'a aji byen avè ou, n'a kenbe pawòl nou.

Ebre 11:17-22

17 Se paske Abraram te gen konfyans nan Bondye kifè li te asepte touye Izarak tankou yon ofrann bèt bay Bondye, lè Bondye te vle wè jouk ki bò konfyans li t'ap rive a. Abraram te tou pare pou l' te ofri bay Bondye sèl pitit gason Bondye te pwomèt li a.

18 Bondye te di l' konsa: Se Izarak ki pral ba ou anpil pitit pitit.

19 Men, Abraram te mete nan tèt li Bondye te gen pouvwa pou l' te fè Izarak leve vivan ankò soti nan lanmò. Se konsa, nan yon sans, nou ka di Izarak soti vivan nan lanmò, li tounen vin jwen papa l' ankò.

20 Se paske Izarak te gen konfyans nan Bondye kifè, lè li t'ap beni Jakòb ak Ezaou, li te pwomèt yo anpil benediksyon pou pita.

21 Se paske Jakòb te gen konfyans nan Bondye kifè li te gen tan beni tout pitit Jozèf yo yonn apre lòt anvan l' mouri. Lèfini li apiye sou tèt baton li, li adore Bondye.

22 Se paske Jozèf te gen konfyans nan Bondye kifè, lè li tapral mouri, li te fè pitit Izrayèl yo konnen yon jou yo te gen pou yo te kite peyi Lejip la. Se lè sa a tou li ba yo lòd sa pou yo fè ak zosman l' yo.