Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 34:15-22

15 (34:16) Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'.

16 (34:17) Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo.

17 (34:18) Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray.

18 (34:19) Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.

19 (34:20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo.

20 (34:21) L'ap pwoteje l' nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l' p'ap kraze.

21 (34:22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman.

22 (34:23) Seyè a ap delivre moun k'ap sèvi l' yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l'.

Jozye 22:10-20

10 ¶ Lè moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo rive devan larivyè Jouden, sou bò peyi Kanaran an, yo bati yon kokenn chenn lotèl sou rivaj la.

11 Lòt moun pèp Izrayèl yo vin konn sa. Moun te vin di yo: -Men moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo bati yon lotèl toupre larivyè Jouden sou fwontyè peyi Kanaran an, sou bò peyi moun Izrayèl yo.

12 Lè pèp Izrayèl la vin konn sa, tout moun sanble lavil Silo pou y' al goumen ak moun Woubenn yo, moun Gad yo ak lòt mwatye moun Manase yo.

13 Moun pèp Izrayèl yo voye Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, bò kote moun Woubenn yo, moun Gad yo ansanm ak mwatye moun Manase yo nan pèyi Galarad.

14 Yo te pran dis chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, yo voye yo avèk Fineas. Chèf sa yo, se moun ki te alatèt branch fanmi pèp Izrayèl yo.

15 Se konsa, mesye sa yo rive bò moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo nan peyi Galarad, epi yo di yo:

16 -Men sa tout moun pèp Izrayèl yo voye di nou: Ki bagay lèd sa a nou fè konsa kont Bondye pep Izrayèl la? Poukisa jòdi a nou vire do bay Seyè a, n' al bati yon lotèl pou tèt pa nou? Poukisa nou leve kont Seyè a jòdi a?

17 Chonje peche nou te fè bò Peyò a, lè Seyè a te pini pèp li a. Jouk koulye a n'ap soufri pou bagay sa a toujou. Sa pa kont toujou?

18 Men jòdi a, n'ap vire do bay Seyè a ankò. Si nou leve kont Seyè a jòdi a, denmen se sou tout pèp Izrayèl la li pral fache.

19 Si nou wè peyi yo ban nou an pa bon pou fè sèvis Bondye, pito nou vin bò isit la nan peyi Seyè a, kote kay Seyè a ye a. Mande pou yo ban nou yon pòsyon pou nou ladan l'. Men, pa leve kont Seyè a, ni pa vire do ban nou. Piga nou kite lotèl Seyè a, Bondye nou an, pou n' al bati yon lòt lotèl.

20 Chonje Akan, pitit gason Zera a, lè li te derefize swiv lòd Seyè a te bay pou bagay nou te fèt pou detwi nèt yo. Lè sa a, se tout pèp Izrayèl la nèt wi, Seyè a te pini. Se pa Akan sèlman ki te peye pou sa l' te fè a.

Ròm 13:11-14

11 ¶ Se sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve soti nan dòmi, lè a sonnen, paske koulye a, lè pou n' fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fèk mete konfyans lan.

12 Nwit lan vanse fini, jou prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fènwa. Ann pran zam nou pou nou ka goumen devan tout moun.

13 Ann mennen bak nou jan nou dwe, tankou moun k'ap viv gwo lajounen. Pa fè eksè nan manje ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch ni nan vis. Pa chache moun kont, pa fè jalouzi.

14 Se pou nou pran Jezikri Seyè a tankou yon zam mete sou nou. Pa kite ekzijans kò a pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.