Revised Common Lectionary (Complementary)
9 (34:10) Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen.
10 (34:11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen.
11 ¶ (34:12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a.
12 (34:13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan?
13 (34:14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.
14 (34:15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.
12 ¶ Jòb pran lapawòl, li di:
2 -Apa nou k'ap pale pou pèp la! Mouri nou mouri, bon konprann kaba!
3 Men, mwen menm tou, mwen gen lespri menm jan avè nou. Mwen pa pi mal pase nou. Sa nou sot di la a, tout moun konnen l'.
4 Koulye a, menm zanmi m' ap pase m' nan rizib. Y'ap ri m', mwen menm yon moun Bondye pa gen anyen pou l' repwoche, yon moun Bondye te konn reponn lè m' rele l'.
5 Se konsa, moun ki pa nan pwoblèm meprize moun ki nan lafliksyon. Yo wè yon moun k'ap tonbe, yo ba l' bourad fè l' tonbe pi vit.
6 ¶ Piyajè yo byen trankil lakay yo. Moun k'ap fè Bondye fache yo ap viv alèz. Bondye yo se fòs ponyèt yo.
7 Manyè fè ti koze ak zannimo yo, ak zwezo yo. Yo gen anpil bagay pou yo moutre nou.
8 Bèt k'ap trennen sou vant va ban nou leson, pwason nan lanmè va di nou sa yo konnen.
9 Pa gen yonn ladan yo ki pa konnen se Bondye ki fè tout bagay ak men li.
10 Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li.
11 Bèl pawòl fè plezi zòrèy menm jan bon manje gou nan bouch.
12 ¶ Yo di se vye granmoun ki gen konesans, se laj ki bay bon konprann.
13 Men, Bondye gen konesans, lèfini li gen pouvwa. Li gen bon konprann, lèfini li fè sa li vle.
14 Lè Bondye kraze yon bagay, pesonn pa ka refè l'. Lè li mete yon moun nan prizon, pesonn pa ka lage l'.
15 Lè li pa bay lapli, sèk tonbe sou latè. Lè li bay lapli, dlo fè dega toupatou.
16 Bondye gen fòs, li konn sa l'ap fè. Ni moun k'ap bay manti, ni moun k'ap pran manti, se anba ponyèt li yo ye.
17 Li fè moun k'ap bay konsèy yo pèdi tèt yo. Li fè chèf yo aji tankou moun fou.
18 Li wete tout pouvwa nan men wa yo. Li mare yon tanga nan ren yo jete yo nan prizon.
19 Li fè prèt yo mache pye atè. Li mete gwo zotobre atè!
20 Li fèmen bouch moun k'ap bay bon konsèy. Li fè granmoun yo depale.
21 Li fè pase grannèg yo nan betiz. Li wete pouvwa gwo chèf yo nan men yo.
22 Li klere twou fon kote ki fè nwa a, li mete twou lanmò a aklè.
23 Li fè nasyon yo fè pwogrè, lèfini, li fè yo deperi. Li fè yon pèp pran elan, lèfini, li fè l' disparèt.
24 Li fè chèf pèp yo pèdi tèt yo, li fè yo moute desann nan dezè, san yo pa konn kote yo prale.
25 Y'ap tatonnen nan fènwa, y'ap titibe tankou moun sou.
17 ¶ M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo.
18 Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.
19 Pou nou menm, moun lavil Wòm, tout moun konnen jan nou soumèt nou devan Seyè a. Mwen byen kontan pou nou. Men, mwen ta renmen pou nou toujou chache fè sa ki byen, pou nou pa lage kò nou nan fè sa ki mal.
20 Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Seyè nou an, toujou la avèk nou.