Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 78:23-29

23 Li pale ak nwaj yo ki anwo nan syèl la, li ba yo lòd pou yo louvri pòt syèl la.

24 Li grennen laman sou yo pou yo manje. Li ba yo manje farin ki soti nan syèl la.

25 Se konsa, yo manje manje zanj Bondye yo. Li ba yo manje pou yo manje plen vant yo.

26 Lèfini, li fè yon van lès soufle nan syèl la. Avèk pouvwa li, li fè yon van leve soti nan sid.

27 Li grennen vyann sou yo tankou pousyè. Li fè zwazo soti nan syèl la tonbe atè, tankou sab bò lanmè.

28 Li fè yo tonbe nan mitan kote yo te rete a, tout bò kay yo.

29 Yo tout te manje plen vant yo. Bondye ba yo tou sa yo te anvi.

Egzòd 12:43-13:2

43 ¶ Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa: -Men ki jan pou yo fete fèt Delivrans lan. Pou konmanse, ankenn moun lòt nasyon pa gen dwa patisipe ladan l'.

44 Domestik nou achte pou sèvis lakay nou, lè nou fin sikonsi yo, yo mèt patisipe.

45 Men, ni moun lòt nasyon ki depasaj lakay nou, ni domestik k'ap travay pou lajan pa ka patisipe nan fèt la.

46 Se pou nou manje manje Delivrans lan anndan kay. Vyann lan pa fèt pou soti deyò menm. Ni nou pa fèt pou kraze ankenn zo bèt nou touye yo.

47 Se pou tout pèp Izrayèl la nèt fete fèt sa a.

48 Si gen yon moun lòt nasyon ki rete nan peyi a epi ki ta vle fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, men sa pou nou fè: Sè pou nou sikonsi tout gason lakay li anvan. Apre sa, l'a gen dwa fete fèt Delivrans lan. y'a konsidere l' tankou moun natif natal pèp Izrayèl la. Si yon gason pa sikonsi, li pa ka patisipe nan fèt la.

49 Lòd sa a bon ni pou natif natal yo ni pou moun lòt nasyon ki rete nan peyi a nan mitan nou.

50 Tout moun pèp Izrayèl yo te swiv lòd la, yo te fè sa Seyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a.

51 Se jou sa a Seyè a te fè tout lame moun Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la.

13 ¶ Seyè a di Moyiz konsa:

-Se pou nou mete tout premye pitit gason ak tout premye mal bèt yo apa pou mwen. Tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, tout premye mal bèt yo fè, se pou mwen yo ye.

1 Korint 11:27-34

27 Se poutèt sa, si yon moun manje pen Seyè a, osinon li bwè nan gode Seyè a yon jan ki pa konvenab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont kò Seyè a ni kont san li an.

28 Se pou chak moun egzaminen tèt yo byen anvan. Se konsa y'a mèt manje pen sa a, y'a mèt bwè nan gode sa a.

29 Si yon moun manje pen sa a, si l' bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Seyè a, se rale l'ap rale yon jijman sou tèt li lè l'ap manje pen an ak lè l'ap bwè nan gode a.

30 Se sak fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k'ap soufri feblès, san konte sa ki mouri deja.

31 Si nou te egzaminen tèt nou byen anvan, nou pa ta tonbe anba jijman Bondye a.

32 Men, Seyè a jije nou, li peni nou konsa pou li sa pa kondannen nou ansanm ak moun ki nan lemonn yo.

33 Se sak fè, frè m' yo, lè nou reyini ansanm pou manje manje Seyè a, se pou yonn tann lòt.

34 Si yon moun grangou, se pou l' manje lakay li, pou l' pa rale jijman Bondye sou nou lè nou reyini. Pou lòt keksyon yo, m'a regle sa lè m'a rive lakay nou.