Revised Common Lectionary (Complementary)
10 ¶ Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi!
11 Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa,
12 pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite.
13 Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.
14 L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj.
15 Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.
16 Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.
17 Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè.
18 Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo.
4 Mesa, wa peyi Moab la, te fè gadinaj mouton. Se konsa li te pran angajman pou li te bay wa peyi Izrayèl la sanmil (100.000) ti mouton ak sanmil (100.000) belye ak tout lenn yo sou yo.
5 Men, lè Akab, wa peyi Izrayèl la, mouri, wa peyi Moab la revòlte kont otorite wa peyi Izrayèl la.
6 ¶ Lamenm, wa Joram kite lavil Samari, li sanble tout lame pèp Izrayèl la.
7 Epi li pati, li voye di Jozafa, wa peyi Jida a: --Wa peyi Moab la revòlte kont otorite mwen. Ou pa ta vle vin avè m' pou nou atake moun Moab yo? Jozafa reponn: --Men wi! Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!
8 Ki wout n'ap pran pou n' al atake? Joram reponn li: --N'ap pran chemen ki pase nan dezè Edon an.
9 Se konsa Joram, wa peyi Izrayèl la, ansanm ak wa peyi Jida a ak wa peyi Edon an pati. Yo pase sèt jou ap mache. Lè sa a dlo yo fini, pa t' gen yon ti gout dlo ni pou sòlda yo ni pou bèt chay ki te avè yo.
10 Joram, wa peyi Izrayèl la, di: --Woy! Nou fini! Seyè a fè nou tou twa vin isit la ansanm pou l' lage nou nan men wa Moab la.
11 Jozafa mande: --Pa gen yon pwofèt bò isit la ki ta ka pale ak Seyè a pou nou? Yonn nan chèf wa peyi Izrayèl yo di: --Bò isit la gen Elize, pitit gason Chafa a. Se li ki t'ap sèvi ak Eli.
12 Jozafa di: --Sèten l'ap gen kichòy pou l' di nou nan non Seyè a! Se konsa wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa ak wa peyi Edon an pati, y' al wè Elize.
13 Elize di wa Izrayèl la konsa: --Ki rapò m' gen avè ou! Al wè pwofèt papa ou ak manman ou te konn al wè yo! Joram reponn: --Non! Se Seyè a ki voye chache nou pou l' lage nou twa wa sa yo nan men wa peyi Moab la.
14 Elize reponn: --Mwen pran Seyè vivan m'ap sèvi a pou temwen! Si mwen pa t' gen respè pou Jozafa, wa peyi Jida a, m' pa ta menm gade ou, m' pa ta okipe ou.
15 Koulye a, al chache yon mizisyen pou mwen. Pandan mizisyen an t'ap jwe mizik, pouvwa Seyè a desann sou Elize.
16 Elize di: --Men sa Seyè a di: Fouye anpil gwo twou nan fon ravin sa a.
17 Paske, men sa li di ankò: Nou p'ap wè van, nou p'ap wè lapli, men ravin sa a pral plen dlo. Konsa n'a jwenn kont dlo pou nou bwè ansanm ak bèf, kabrit nou yo ak bèt chay nou yo.
18 Men tou sa pa anyen bò kote sa Seyè a ka fè. Li pral lage moun peyi Moab yo nan men nou.
19 Nou pral pran tout bèl lavil ak ranpa yo, nou pral koupe tout bèl pyebwa yo, nou pral bouche tout sous dlo yo. Nou pral gate tout pi bèl jaden yo, nou pral kouvri yo ak wòch.
20 ¶ Nan denmen maten, lè lè pou yo fè ofrann lan rive, yon dlo soti nan direksyon Edon, li kouvri tout tè a.
12 ¶ Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n' ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n' aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.
13 Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.
14 Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt.
15 Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l' la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou.
16 Kenbe pawòl Kris la ak tout richès li yo byen fèm nan kè nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou nou yonn bay lòt konsèy avèk anpil bon konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante Lespri Bondye a va moutre nou, pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.
17 Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l' nan non Seyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.