Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 145:10-18

10 ¶ Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi!

11 Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa,

12 pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite.

13 Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.

14 L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj.

15 Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.

16 Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.

17 Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè.

18 Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo.

1 Wa 19:19-21

19 ¶ Eli pati. Li jwenn Elize, pitit gason Chafat la, ki t'ap raboure yon jaden avèk douz pè bèf. Elize t'ap raboure dènye pòsyon tè a ak douzyèm pè bèf la lè Eli pwoche bò kote l'. Eli wete gwo rad ki te sou li a, li voye l' sou Elize.

20 Menm lè a, Elize kite bèf li yo, li kouri dèyè Eli. Li di l' konsa: -Kite m' al di manman m' ak papa m' orevwa anvan. Apre sa m'a swiv ou. Eli reponn li: -Ou mèt tounen tounen ou. M' pa rete ou, mwen menm! Kisa m' fè ou la a?

21 Elize kite Eli, li tounen tounen l', li pran yon pè bèf, li touye yo. Li pran bwa jouk yo, li limen dife, li kwit vyann lan. Li bay moun ki te avè l' yo pou yo manje. Lèfini, li pati al jwenn Eli, li rete avè l'.

Kolòs 1:9-14

¶ Se poutèt sa, mwen pa janm sispann lapriyè Bondye pou nou depi jou mwen te rive konn sa. Mwen mande Bondye pou l' fè nou rive fin konnen volonte l' nèt ale, pou l' ban nou anpil lespri ak anpil konprann ki soti nan Sentespri.

10 Konsa, n'a viv jan Bondye vle l' la, n'a toujou fè sa ki fè l' plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.

11 Mwen mande Bondye pou l' fòtifye nou tout jan ak bèl pouvwa li pou nou ka sipòte tout bagay avèk pasyans.

12 ¶ Ak kè kontan, se pou nou di Papa a mèsi, li menm ki ban nou privilèj resevwa pòsyon pa nou nan eritaj Bondye sere pou tout moun pa l' yo nan peyi limyè a.

13 Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa.

14 Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo.