Revised Common Lectionary (Complementary)
30 ¶ (30:1) Kantik pou fèt Benediksyon Tanp lan. Se yon sòm David. (30:2) M'ap fè lwanj ou, Seyè, paske ou mete m' sou de pye m' ankò, paske ou pa bay lènmi m' yo chans pou yo pase m' nan rizib.
2 (30:3) Seyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen.
3 (30:4) Ou rale m' soti nan bouch twou a. Ou ban m' lavi ankò, ou pa kite m' mouri.
4 (30:5) Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi.
5 (30:6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l' pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l' jou, kè nou kontan.
6 ¶ (30:7) Mwen te santi kè m' poze, se sak fè mwen t'ap di: -Anyen p'ap janm rive m'.
7 (30:8) Seyè, ou fè m' favè, ou mete m' chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m' kase.
8 (30:9) Mwen te kriye nan pye ou, Seyè. Mwen te mande ou sekou.
9 (30:10) Si ou kite yo touye m', sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m' ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou?
10 (30:11) Koute m' non, Seyè! Gen pitye pou mwen! Seyè, pote m' sekou!
11 (30:12) Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt.
12 (30:13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Seyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.
2 ¶ Bondye sèl Mèt la fè kòlè, li voye yon gwo nwaj nwa kouvri lavil Jerizalèm. Tou sa ki te fè respè pèp Izrayèl la, li kraze l' anba pye l'. Jou li fè kòlè a, ata tanp kote li poze pye l' la, li pa chonje l'.
2 Bondye sèl Mèt la te san pitye, li devaste dènye jaden moun fanmi Jakòb yo. Li fè yon sèl kòlè, li kraze tout fò ki te pwoteje peyi Jida a. Li trennen gouvènman an ansanm ak tout chèf yo nan labou. Li fè yo wont.
3 Nan gwo kòlè li, li kraze tout fòs kouraj pèp Izrayèl la. Li derefize ede nou lè lènmi atake nou. Li move sou nou, li te tankou yon dife k'ap boule dènye bagay alawonn.
4 Li atake nou, li tonbe sou nou tankou yon lènmi. Li touye tou sa ki te fè plezi ak kontantman nou. Jouk anndan lakay nou, li fè nou santi jan li move sou nou.
5 Tankou yon lènmi, Bondye sèl Mèt la fini ak pèp Izrayèl la. Li kraze dènye gwo kay li yo, li detwi tout fò li yo. Li fè moun peyi Jida yo rete ap plenn sou plenn.
6 Li fè tanp lan tounen tankou yon jaden vòlò devaste. Li kraze kote li konn gen randevou ak pèp la. Li fè sispann tout jou fèt, tout jou repo sou mòn Siyon an. Li move ata sou wa ak prèt yo. Yo tout pase anba men l'.
7 Bondye sèl Mèt la voye lotèl li a jete. Li pa vle wè kay yo te mete apa pou li a. Li kite lènmi yo kraze miray gwo kay yo. Lènmi yo fè fèt, yo rele byen fò nan kay Seyè a tankou lè n'ap fè seremoni pou li.
8 Seyè a, Bondye sèl Mèt la, te soti pou l' kraze miray lavil Siyon an. Li fè plan pou lè l' kraze l', li kraze l' nèt. Miray fò yo ak miray ranpa yo tonbe, yo kraze ansanm.
9 Pòtay yo atè kouvri anba fatra. Ba pòtay yo kase, yo pa ka sèvi ankò. Yo depòte wa a ak chèf yo nan peyi etranje. Pa gen pesonn pou moutre sa ki nan lalwa. Menm pwofèt yo, Bondye pa pale ak yo nan vizyon ankò.
10 ¶ Chèf fanmi lavil Jerizalèm yo chita atè, men nan machwè! Yo nan gwo lapenn, yo voye pousyè sou tèt yo, yo mete rad sak sou yo. Jenn fi yo menm rete tèt bese.
11 Je m' wouj afòs mwen kriye. Kè m' sere. M' pèdi kouraj lè m' wè jan pèp mwen an ap fini, jan timoun yo ak ti bebe yo ap tonbe endispoze nan mitan lari kapital la.
12 Y'ap rele manman yo, Y'ap kriye pou pen ak dlo sikre. Yo tonbe san konesans nan lari a tankou moun ki blese, yo mouri nan bra manman yo.
8 ¶ Frè m' yo, mwen ta renmen nou konnen ki jan Bondye te fè wè favè l' nan legliz ki nan peyi Masedwan yo.
2 Patizan Kris yo te pase anba anpil eprèv avèk tout soufrans ki te tonbe sou yo. Men, yo te sitèlman kontan, yo te moutre jan yo ka bay ak tout kè yo, malgre yo te nan nesesite.
3 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yo bay sa yo te kapab, yo menm bay pase sa yo te kapab. San moun pa fòse yo,
4 se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilèj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pèp Bondye nan peyi Jide a.
5 Sa depase sa nou te kwè a anpil: yo ofri tèt yo bay Seyè a anvan. Apre sa, yo ofri tèt yo ban nou jan Bondye vle l' la.
6 Se konsa, mwen mande Tit pou li al lakay nou pou l' ka kontinye travay li te kòmanse a, pou nou ka bay sa nou gen pou n' bay la ak tout kè nou.
7 ¶ Wi, nou rich sou tout pwen, kit se nan lafwa, kit se nan konn pale byen, kit se nan kònesans verite a, kit se nan aktivite nou pou Bondye, kit se nan renmen nou gen pou mwen. Se poutèt sa mwen ta renmen wè nou bay ak tout kè nou pou zèv sa a tankou moun ki rich.