Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 30 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Samyèl 14:1-11' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 22:6-21

Pòl rakonte istwa konvèsyon l

Men, te gen yon bagay ki te rive m sou wout pandan m t apral Damas la. Sanzatann konsa, bò midi, yon gwo limyè sot nan syèl la, li klere m toutotou. M sot tonbe atè, epi m tande yon vwa ki di m: Sòl, Sòl, poukisa w ap pèsekite m?

Mwen reponn: Ki lès ou ye Senyè? Epi li reponn mwen: Se mwen menm, Jezi, nonm Nazarèt la, w ap pèsekite a. Moun ki t ap vwayaje avè m yo te wè limyè a, men yo pa t tande vwa ki t ap pale avè m nan.

10 Mwen reponn vwa a: Ki sa pou m fè Senyè? Senyè a reponn: Leve, antre nan vil Damas la. Lè w rive la, y a di w tout sa m gentan planifye pou ou, pou w fè. 11 M pa t ka wè anyen, paske gwo limyè a te rann mwen avèg. Se moun ki te avè m yo ki pran men m, yo kondui m antre nan vil Damas la.

12 Yon nonm yo te rele Ananyas[a] te vin kote m. Ananyas sa a, se te yon moun ki te konsakre l bay Bondye epi li t ap swiv lalwa Moyiz la san fot. Sa te fè tout Jwif ki te rete nan zòn nan te bay bon temwanyaj pou li. 13 Ananyas vin kote m, li di m: Sòl, frè m nan, se pou ou wè nan je w ankò! Lamenm, m te wè Ananyas.

14 Ananyas di m: Menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a, li te gentan chwazi w depi lontan pou fè w konnen volonte l. Li chwazi w pou l te fè w wè Kris la, sila a ki mache dwat devan l lan epi pou fè w tande pawòl ki soti nan bouch Kris la tou. 15 Paske se ou k ap rann temwanyaj pou li devan tout moun. W ap gen pou w rakonte yo sa w wè ak sa w tande. 16 Kounye a, kisa w ap tann ankò? Leve non, resevwa batèm. Mete konfyans ou nan Kris la[b] pou peche w yo kapab lave.

17 Kèk tan apre, mwen te retounen Jerizalèm. Pandan m t ap priye nan tanp lan, mwen fè yon vizyon. 18 M wè Senyè a parèt devan m, li di m: Prese kite Jerizalèm kounye a menm. Moun Jerizalèm yo p ap aksepte verite temwanyaj w ap bay pou mwen an.

19 Mwen di: Senyè, moun yo konnen trè byen se mwen menm ki te konn ap mache nan sinagòg yo pou pouswiv kwayan yo. Se mwen ki te konn ap arete yo met nan prizon epi bat yo byen bat tou. 20 Menm lè yo t ap touye Etyèn, sila a ki t ap rann temwanyaj pou ou a, moun yo konnen m te la tou. M te dakò menm pou yo touye Etyèn. Se mwen k te siveye manto moun ki t ap touye l yo.

21 Lè sa a, Senyè a di m: Ale non! M ap voye w byen lwen al preche moun ki pa Jwif yo.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International