Revised Common Lectionary (Complementary)
1 Se mwen menm Apot Pòl k ap salye nou. Se pa ni yon gwoup moun, ni yon moun an patikilye ki banm otorite m kòm apot, men se Jezikris[a] ak Bondye Papa a ki te resisite Kris la. 2 Mwen menm ak tout frè ak sè ki nan fanmi Bondye a avè m yo, n ap ekri lèt sa a voye pou nou menm moun legliz Galasi[b] yo.
3 Mwen mande Bondye, papa nou, ak Jezikris, Senyè a, pou yo fè nou anpil favè epi ban nou kè poze. 4 Jezi te bay lavi li pou peye dèt peche nou yo, pou l delivre nou anba move bagay ki nan mond sa a. Se sa menm Bondye Papa nou te vle. 5 Tout glwa se pou Bondye pou tout tan! Amèn.
Gen yon sèl Levanjil
6 Mwen sezi wè kijan nou gentan vire do bay Bondye. Se Bondye ki te fè nou favè, li sove nou gras ak Jezikris. Kounye a nou vle aksepte yon lòt levanjil. 7 Lè m di sa a, sa pa vle di gen yon lòt levanjil vre non. Men, gen kèk moun k ap vire lòlòj nou, lè y ap eseye chanje mesaj Levanjil Kris la. 8 Men sa m ap di nou: menmsi se ta youn nan nou menm apot yo, menmsi se ta yon anj ki soti nan syèl la, ki ta vin preche nou yon Levanjil ki depaman ak sa nou te resevwa a, se pou malediksyon Bondye tonbe sou li. 9 Nou te di nou sa deja, kounye a m ap repete l ankò: si nenpòt moun preche nou yon levanjil ki depaman ak sa nou te resevwa a, se pou malediksyon Bondye tonbe sou li.
10 Lè m pale konsa, èske nou wè m sonnen tankou moun k ap chache fè moun plezi? Non, se Bondye m ap chache fè plezi! Si m t ap chache fè moun plezi, mwen pa t ap yon sèvitè Jezikris.
Levanjil Pòl preche a soti nan Bondye
11 Frè ak sè m yo, mwen vle fè nou konnen Levanjil m ap preche a pa soti nan lòm. 12 Paske se pa moun ki te ban mwen l, ni se pa moun ki te anseye m li. Se Jezikris ki te fè m konnen Levanjil sa a.
Jezi geri sèvitè yon Ofisye
(Mat 8:5-13; Jan 4:43-54)
7 Lè Jezi fin di pèp la tout pawòl li te gen pou di yo, li antre nan vil Kapènawòm. 2 Te gen yon chèf nan lame Women an ki te gen yon esklav li te renmen anpil, esklav la te malad, prèt pou mouri. 3 Lè chèf la te tande pale de Jezi, li voye kèk nan lidè Jwif yo al mande Jezi pou l vin geri esklav la pou li. 4 Lè mesye yo te rive kote Jezi, yo sipliye li pou l fè sa pou chèf la. Yo di li, “Li merite sa.” 5 Paske li renmen nasyon nou an epi li te peye lajan l pou fè bati yon sinagòg pou nou.
6 Jezi te pran wout la pou ale ak yo. Lè l te prèske rive nan kay la, chèf nan lame Women an voye kèk zanmi al kote Jezi pou di li: “Senyè, ou pa bezwen bay tèt ou traka. Mwen pa merite pou antre lakay mwen. 7 Se poutèt sa mwen pa kwè mwen ase bon pou m parèt devan w. Sèlman di yon mo, epi sèvitè m nan ap geri. 8 Paske mwen menm tou mwen gen otorite sou tèt mwen epi mwen gen anpil sòlda anba otorite m. Lè m di youn: Ale, li ale. Lè m di yon lòt: Vini, li vini. Lè m di sèvitè m: Fè tèl bagay, li fè l.”
9 Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te etone. Li vire gade foul moun ki t ap swiv li a, epi li di yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.”
10 Lè moun chèf la te voye kot Jezi yo retounen lakay, yo jwenn sèvitè a geri.
Copyright © 2017 by Bible League International