Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 96:1-9' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Wa 6:23-38' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Korentyen 5:11-17

Nou se anbasadè Bondye

11 Nou konnen sa sa vle di gen krentif pou Bondye. Konsa, nou fè sa nou kapab pou ede lòt moun aksepte verite a. Bondye konnen ki kalite moun nou ye, epi mwen espere nan fon kè w ou konnen ki moun nou ye tou. 12 Nou p ap chache vante tèt nou ankò. Men n ap di w tout sa pou nou ka ba w yon okazyon pou santi w fyè de nou. Konsa ou ap gen yon repons solid pou moun ki kwè anpil nan aparans. Sa k nan kè yon moun pa enterese yo. 13 Si moun wè nou tankou moun fou se pou Bondye nou fou. Si tèt nou dwat se pou ou menm. 14 Lanmou Kris la ranpli kè nou, paske nou konnen yon sèl moun mouri pou tout moun. Sou baz sa a, se nou tout ki te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, poutèt pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt pa yo ankò. Li te mouri pou yo epi li resisite pou yo ka viv pou li.

16 Konsa, nou sispann gade moun ak menm je lèzòm gade moun. Se vre, se kon sa nou te konnen Kris la nan tan pase. Men nou pa panse kon sa ankò. 17 Donk, si yon moun fè yon sèl ak Kris la, li tounen yon lòt moun. Bagay lontan yo pase, kounye a tout bagay vini nouvo!

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International