Revised Common Lectionary (Complementary)
10 Mwen itilize don Bondye ban mwen, mwen poze fondasyon an tankou yon bon kontremèt. Epi yon lòt moun vin bati sou fondasyon an. Men tout moun bezwen veye sou kijan y ap bati sou fondasyon an. 11 Fondasyon an poze deja. Se Jezi ki fondasyon an. Pèsonn pa ka poze yon lòt fondasyon.
16 Èske nou konnen nou se tanp Bondye, epi Lespri Bondye ap viv nan nou? 17 Tanp Bondye a sen. Nou se tanp Bondye a. Si yon moun domaje tanp Bondye a, Bondye ap domaje l tou.
18 Pa bay tèt nou manti. Yon moun ki panse l saj nan je lèzòm dwe tounen moun fou pou l ka vin saj toutbon vre. 19 Mwen di sa paske sajès mond sa a se foli nan je Bondye. Sa Bib la deklare a klè: “Li pran moun saj yo nan pwòp pyèj yo.”(A) 20 Bib la deklare tou: “Senyè a konnen panse moun saj yo. Li konnen panse sa yo pa vo anyen.”(B) 21 Konsa nou pa bezwen ap vante lidè ki pami nou yo. 22 Kit se te Pòl, kit se te Apolòs oswa Pyè, lemonn, lavi oswa lanmò, bagay ki la jodi a oswa sa k gen pou vini; tout pou nou deja. 23 Nou menm nou pou Kris la, epi Kris la pou Bondye.
Jezi ap pale sou kesyon konfli
(Lik 6:29-30)
38 Nou te konn tande yo di: grenn je pou grenn je, grenn dan pou grenn dan.(A) 39 Men mwen m ap di nou: pa kenbe tèt ak mechan an. Okontrè, si yon moun ba w yon souflèt sou bò dwat, vire bò gòch ba li tou. 40 Si yon moun vle trennen w nan leta pou l ka pran chemiz ou, kite l pran vès la tou. 41 Si yon sòlda vle fòse w fè yon kilomèt[a] pou ede l pote chay li, fè de avè l. 42 Si yon moun mande w yon bagay ba li l. Si yon moun vle prete nan men w, pa vire do ba li.
Renmen lènmi ou
(Lik 6:27-28, 32-36)
43 Nou te konn tande yo di: Renmen zanmi w, rayi moun ki lènmi w.(B) 44 Men, mwen m ap di nou: renmen lènmi nou yo, priye pou moun k ap pèsekite nou. 45 Konsa, n a vin sanble toutbon ak pitit papa nou ki nan syèl la. Li fè solèy leve ni sou mechan yo ni sou moun ki gen bon kè. Li voye lapli ni pou moun ki fè byen ni pou moun ki fè mal. 46 Si se sèlman moun ki renmen w ou renmen, ki rekonpans w ap tann ankò? Ata pèseptè kontribisyon yo fè ti sa a. 47 Si se sèlman zanmi w ou di bonjou, ou pa fè anyen ekstraòdinè. Èske se pa menm bagay la payen yo fè tou? 48 Konsa, men sa m ap di ou: bonte[b] ou pa dwe gen limit, menm jan bonte papa nou ki nan syèl la pa gen limit.
Copyright © 2017 by Bible League International