Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 119:33-40' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Levitik 24:10-23' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 7:1-12

Piga youn kritike lòt

(Lik 6:37-38, 41-42)

Pa jije moun si ou pa vle Bondye jije w tou. Sa ou sèvi pou jije lòt moun se avè l Bondye ap sèvi pou jije w. Jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou.

Poukisa ou wè ti pay ki nan je frè w la, epi ou pa wè bout bwa ki nan je pa w la? Ki jan ou fè ka di frè ou: Frè m, kite m retire ti pay ki nan je w la. Alòske ou pa wè bout bwa ki nan je pa w la? Ipokrit! Se bout bwa ki nan je w la pou ou retire anvan, apre sa ou ap wè klè pou retire ti pay ki nan je frè w la.

Pa voye bagay sakre devan chyen. Y ap vole sou ou epi dechire w. Pa voye bijou ki gen valè devan kochon. Sèl sa l konn pou l fè avè l se pilonnen l nan labou.

Mande Bondye sa w gen bezwen

(Lik 11:9-13)

Mande, epi Bondye ap ban nou. Chache, epi n ap jwenn. Frape, epi Bondye ap louvri pou nou. Paske moun k ap mande ap resevwa. Moun k ap chache ap jwenn. Moun k ap frape y a louvri pou li.

Kilès nan tout papa yo ki la a k ap bay pitit li yon wòch si l mande l pen? 10 Ki lès k ap bay pitit li yon koulèv si l mande yon pwason? 11 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun ki mande l bon bagay.

Yon prensip ki vo plis pase lò

12 Tout sa ou ta renmen lòt moun fè pou ou, fè l pou yo tou, paske se sa menm lalwa Moyiz la ak pawòl pwofèt yo di.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International