Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 6 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jòb 30:16-31' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 4:46-54

46 Jezi te ale Kana nan Galile ankò. Kana se kote li te fè dlo tounen diven an. Youn nan gwo ofisye gouvènman wa Ewòd yo te rete lavil Kapènawòm. Pitit gason nonm sa a te malad. 47 Nonm nan te tande Jezi soti nan teritwa Jide pou vin Galile. Konsa, li ale kote Jezi epi li mande l si l ka vini Kapènawòm pou geri pitit li a ki te prèske mouri. 48 Alò, Jezi di li: “Nou menm, tout tan nou pa wè gwo mirak ak mèvèy nou p ap janm kwè.”

49 Ofisye wa a di: “Mèt, vini vit non, anvan pitit gason m nan mouri.”

50 Jezi reponn li: “Ou mèt ale, pitit ou a geri.”

Nonm nan te kwè sa Jezi te di l la, li retounen lakay li. 51 Etan l te sou wout ap retounen lakay li, sèvitè l yo vin rankontre l. Yo di li: “Pitit ou a geri.”

52 Ofisye a mande: “Bò ki lè kon sa li te kòmanse fè mye?”

Yo reponn li: “Ayè, a inè apremidi, lafyèv la te tonbe.”

53 Papa pitit la te konnen se te nan menm lè sa a Jezi te di l: “Pitit ou a geri.” Se kon sa li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezi.

54 Se te dezyèm mirak Jezi te fè apre li te fin soti Jide rive Galile.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International