Revised Common Lectionary (Complementary)
24 Nou konnen lè gen kous gen anpil moun k ap kouri. Men se yon sèl k ap ranpòte pri a, pa vre? Konsa, an nou kouri nan kous la yon fason pou nou ranpòte pri a. 25 Tout moun k ap fè espò bay tèt yo disiplin pou fè bon jan antrènman. Yo antrene di pou yo kapab genyen yon kouwòn ki dire yon ti tan sèlman. Poutan, kouwòn pa nou an ap la pou tout tan. 26 Se poutèt sa mwen pa kouri tankou chyen fou, mwen gen yon kote m vle rive. Mwen batay tankou yon boksè. Mwen pa voye kout pwen danlevid. 27 Wi, mwen trete kò m di pou m ka kenbe l anba bon jan kontwòl. Mwen pa vle ap mache di moun jan pou yo kalifye pou pri a epi mwen menm pou m diskalifye.
Jezi geri yon nonm malad
(Mat 8:1-4; Lik 5:12-16)
40 Yon nonm ki te gen yon move maladi po vin kote Jezi, li mete ajenou devan l epi li mande Jezi fè yon bagay pou li. Nonm nan di Jezi: “Si ou vle ou kapab geri m.”[a]
41 Jezi te santi l endinye[b] poutèt nonm nan. Li lonje men l epi li touche nonm nan. Li di: “Mwen vle. Geri!” 42 La menm, maladi po a te disparèt sou nonm nan, li te geri epi li te pwòp.
43 Jezi te di nonm lan li dwe ale. Men li ba li yon avètisman byen sevè. 44 Li di l: “Pa di pèsonn sa m fè pou ou. Men al fè sakrifikatè a egzamine w,[c] epi ofri sakrifis lalwa Moyiz la mande a. Konsa, tout moun va wè ou geri vre.” 45 Men, li gaye nouvèl la bay tout moun li rankontre. Se sa k fè Jezi pa t ka antre nan yon vil an piblik ankò. Jezi rete nan kèk ti zòn izole. Ak tout sa, pèp la sòti toupatou pou vin jwenn li.
Copyright © 2017 by Bible League International