Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 30 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Levitik 14:1-20' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 19:11-20

Pitit gason Seva yo

11 Bondye te sèvi ak Pòl pou l fè kèk gwo mirak. 12 Gen moun ki pran mouchwa osinon moso twal ki te touche kò Pòl, y al mete yo sou moun malad. Malad yo te geri epi sa k te gen move lespri menm, move lespri yo te soti sou yo.

13 Te gen yon ekip Jwif ki t ap vwayaje nan zòn nan, epi yo t ap chase move lespri sou moun nan non Senyè Jezi. Yo t ap di: “Nan non Jezikris Pòl ap preche a, mwen kòmande w pou w soti!” 14 Te gen pi gran sakrifikatè Jwif yo te rele Seva a, li te gen sèt pitit gason ki te konn ap fè bagay sa a.

15 Yon jou, move lespri a di pitit Seva yo konsa: “M konnen kilès Jezi ye, m konnen kilès Pòl ye tou, men nou menm, kilès nou ye?”

16 Apre sa, nonm ki te gen move lespri sou li a plonje sou mesye yo. Li rive metrize yo tout. Se chifonnen l chifonnen mesye yo ak kou epi l chire rad sou yo. Se kouri mesye yo kouri kite kay la toutouni.

17 Tout moun Efèz te vin konn koze a, Jwif tankou Grèk. Sa te fè yo vin gen lakrent epi yo te fè lwanj pou Senyè Jezi. 18 Anpil nan moun ki te kwè yo te kòmanse konfese move bagay yo te konn fè. 19 Yo t ap temwanye jan yo te konn fè maji. Kwayan sa yo te pote liv maji yo vini epi boule yo devan tout moun. Tout liv ki te boule yo ansanm te vo yon senkant mil (50,000) pyès lajan[a] konsa. 20 Se kon sa mesaj Bòn Nouvèl Bondye a t ap kontinye gaye avèk puisans, epi sa te fè plis moun t ap vin mete konfyans yo nan Jezikris.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International