Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 133

133 ¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!

Se tankou yon lwil santi bon yo vide sou tèt Arawon, k'ap koule sou bab li desann nan kou rad li.

Se tankou lawouze ki soti sou mòn Emon, k'ap desann sou mòn Siyon yo. Se la Seyè a pwomèt pou l' bay benediksyon l', lavi ki p'ap janm fini an.

Jenèz 48:8-22

¶ Lè Izrayèl wè pitit Jozèf yo, li mande: -Ki timoun sa yo?

Jozèf reponn li: -Se pitit gason Bondye te ban mwen antan mwen isit la wi. Izrayèl di li: -Tanpri, fè yo pwoche pi pre m' pou m' ka beni yo.

10 Izrayèl te fin granmoun, je l' pa t' bon menm. Li pa t' kapab wè ankò. Jozèf fè pitit li yo pwoche bò kote papa l'. Jakòb pran yo, li bo yo, li pase bra l' nan kou yo.

11 Izrayèl di Jozèf konsa: -Mwen pa t' gen espwa wè figi ou ankò, men Bondye fè m' wè ata pitit ou yo.

12 Jozèf wete timoun yo sou jenou Izrayèl, epi li bese tèt li jouk atè devan papa l'.

13 Li pran timoun yo, Efrayim nan men dwat li ak Manase nan men gòch li. Konsa, Efrayim vin sou bò gòch Izrayèl, Manase menm sou bò dwat li. Li fè yo pwoche vin jwenn papa l'.

14 Men, Izrayèl kwaze men l' lè l'ap lonje yo, li mete men dwat li sou tèt Efrayim ki te pi piti a, li mete men gòch li sou tèt Manase ki te pi gran an. Izrayèl te konnen sa l' t'ap fè lè l' te fè sa.

15 Li beni Jozèf, li di l': -Se pou Bondye zansèt mwen yo, Bondye Abraram ak Izarak te sèvi tout lavi yo a, beni timoun sa yo. Se pou Bondye ki te pran swen mwen depi lè m' te fèt jouk jòdi a beni timoun yo.

16 Se pou zanj Bondye ki te delivre m' anba tout move pa beni timoun yo. Se pou yo pote non mwen ak non zansèt mwen yo, Abraram ak Izarak. Se pou yo fè anpil pitit pitit, se pou yo peple sou tè a.

17 Men Jozèf pa t' kontan lè li wè papa l' te mete men dwat li sou tèt Efrayim. Li kenbe men papa l' pou l' wete l' sou tèt Efrayim pou l' mete l' pito sou tèt Manase.

18 Epi li di papa l': -Se pa konsa, papa. Men pi gran an bò isit. Mete men dwat ou sou tèt li.

19 Men, papa a derefize. Li di l': -Mwen konnen, pitit mwen, mwen konnen. Manase tout ap vin yon pèp. Li menm tout l'ap grannèg. Men, ti frè l' la pral pi grannèg pase l'. Pitit li yo pral vin anpil nasyon.

20 Jou sa a, li beni yo, li di: -Nan peyi pitit pitit Izrayèl yo, lè y'ap bay benediksyon, y'a nonmen non nou. y'a mande pou Bondye beni yon moun menm jan li te beni Efrayim ak Manase. Se konsa li te mete Efrayim anvan Manase.

21 Apre sa, Izrayèl di Jozèf: -Gade. Mwen pral mouri. Men Bondye ap la avèk ou. La fè ou tounen nan peyi zansèt ou yo.

22 Se pa pou lòt moun nan frè ou yo, se pou ou m'ap kite moso tè Sichèm lan. Se pòsyon tè sa a mwen te pran nan men moun Amori yo anba gwo goumen.

Ebre 11:23-29

23 Se paske papa ak manman Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè yo te rive sere l' pandan twa mwa apre li te fin fèt. Yo te wè jan li te yon bèl ti pitit, yo pa t' pè dezobeyi lòd wa a te bay la.

24 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè, lè li vin gran, li te refize pote non pitit fi farawon an.

25 Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l' te asepte pran plezi l' nan peche pou yon ti tan.

26 Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l' nan betiz pase si l' te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l' te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a.

27 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè li te kouri kite peyi Lejip, san l' pa t' pè kòlè wa a. Li pa t' chanje lide menm, tankou si l' te wè Bondye moun pa ka wè a.

28 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè li te fete fèt Delivrans lan, li bay lòd make pòt kay yo ak san an pou zanj Bondye a pa t' touye premye pitit gason pèp Izrayèl yo.

29 Se paske pitit Izrayèl yo te gen konfyans nan Bondye kifè yo te kapab pase nan mitan lanmè Wouj la tankou si yo t'ap mache sou tè sèk. Men, lè moun peyi Lejip yo vin seye fè menm bagay tou, lanmè a kouvri yo.