Revised Common Lectionary (Complementary)
131 ¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen. Mwen pa gade moun avèk awogans. Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen, nan bagay ki twò difisil pou m' konprann.
2 Mwen rete tou dousman, byen trankil tankou yon timoun sevre ki rete byen dousman sou janm manman l'. Wi, tankou yon timoun sevre, se konsa mwen rete dousman.
3 Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, depi koulye a ak pou tout tan.
27 ¶ Sedesyas, pitit Jozyas la, te gen katran depi li fèk moute wa nan peyi Jida, lè Seyè a pale ak Jeremi ankò.
2 Seyè a di l' konsa: -Pran kòd ak bwa yo sèvi pou fè jouk bèf. Mete yo sou zepòl ou.
3 Lèfini, w'a voye yo bay wa peyi Edon, wa peyi Moab, wa peyi Amon, wa peyi Tir ak wa peyi Sidon. W'a renmèt yo nan men delege wa sa yo ki te vin wè wa Sedesyas lavil Jerizalèm.
4 W'a ba yo chak yon misyon pou mèt yo. W'a di yo men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ba yo pou mèt yo:
5 -Se mwen menm avèk gwo kouraj mwen epi ak fòs ponyèt mwen ki fè latè ansanm ak tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. Mwen pran yo bay moun mwen vle.
6 Se konsa, mwen lage tout peyi nou yo nan men Nèbikadneza, wa Babilòn, sèvitè m' lan. Mwen ba li ata bèt nan bwa yo pou yo soumèt devan l'.
7 Tout nasyon yo va sèvi l'. Y'a sèvi pitit li ak pitit pitit li jouk lè a va rive pou lòt nasyon ki pi fò pase l' yo, lòt wa ki pi gran pase l' yo va fè peyi pa l' la sèvi yo tou.
8 Men si yon nasyon osinon yon wa ak tout pèp li derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan, si yonn ladan yo refize bese tèt devan otorite li pou obeyi l', m'ap voye lagè, grangou, move maladi sou nasyon sa a pou pini l' jouk m'a fè Nèbikadneza fini nèt ak li.
9 Pa koute pwofèt nou yo, ni divinò nou yo, ni ankenn lòt moun ki pretann yo konnen sa ki pral rive nou, paske yo fè rèv pou nou, osinon paske yo ka li sa k'ap pase nan syèl la ou ankò paske yo konn fè maji. Yo tout ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan.
10 Se manti y'ap ban nou. Si nou koute yo, y'ap depòte nou byen lwen peyi nou an. Se mwen menm k'ap mete nou deyò. Lèfini, nou tout pral mouri.
11 Men, si yon nasyon asepte bese tèt li devan otorite wa Babilòn lan pou sèvi l', m'a kite l' nan peyi l', l'a travay latè, l'a rete lakay li. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
16 Apre sa, mwen pale ak prèt yo ansanm ak pèp la, mwen di yo: -Men mesaj Seyè a bay. Pa koute pwofèt yo k'ap plede di nou yo pral pote tounen soti lavil Babilòn tout bagay yo te pran nan tanp lan. Se manti y'ap bay.
17 Pa koute yo. Soumèt devan wa Babilòn lan, konsa n'a viv. Pa gen rezon pou nou fè lavil Jerizalèm lan tounen mazi.
18 Si yo se pwofèt tout bon, si yo resevwa yon mesaj nan men Seyè a tout bon vre, enben, se pou y' al mande Seyè ki gen tout pouvwa a pou li pa kite yo pran rès bon bagay ki nan Tanp lan, ak rès bon bagay ki lakay wa peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm lan pou pote yo ale lavil Babilòn.
19 Seyè a t'ap pale sou gwo poto kwiv yo, sou gwo basen lan ansanm ak pye l' yo, sou tout lòt richès ki te nan lavil la toujou.
20 Se bagay sa yo Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te kite lavil Jerizalèm lè li t'ap depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, lavil Babilòn, ansanm ak grannèg peyi Jida yo ak grannèg lavil Jerizalèm yo.
21 Wi, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, te di sou rès bon bagay ki te nan kay Seyè a, nan kay wa Jida a ak nan lavil Jerizalèm:
22 Y'ap pote yo ale lavil Babilòn. Y'ap rete la jouk lè m'a vin pran yo pou m' fè yo tounen nan plas yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
18 Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye soti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li.
19 ¶ Bondye ap peni yo tou paske tou sa yo ka konnen sou Bondye parèt byen klè devan je yo. Se Bondye menm ki fè sa konsa pou yo.
20 Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm.
21 Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l' mèsi jan l' merite l' la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.
22 Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.
23 Pase pou yo adore Bondye ki p'ap janm mouri a ak tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre moun ki gen pou mouri, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pa t' ak bèt ki trennen sou vant.
24 Lèzòm vin sitèlman fou, Bondye kite yo tonbe nan fè tout kalite bagay ki pa dakò ak volonte li dapre vye lanvi ki nan kè yo. Se yon wont pou wè sa yo fè ak pwòp kò yo.
25 Yo mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n' fè lwanj li tout tan. Amèn.