Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 119:57-64

57 ¶ Seyè, mwen deja di ou sa: pou mwen menm, se kenbe m'ap kenbe pawòl ou yo.

58 ¶ M'ap mande ou favè sa a ak tout kè m': Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l' la.

59 ¶ Mwen egzaminen jan m'ap viv la. Mwen chanje pou m' ka mache dapre prensip ou yo.

60 Mwen prese, mwen pa pran reta pou m' obeyi kòmandman ou yo.

61 ¶ Mechan yo sènen m' toupatou ak pèlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la.

62 ¶ Nan mitan lannwit mwen leve pou m' di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri.

63 ¶ Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo.

64 ¶ Seyè, toupatou sou latè tout moun wè jan ou gen bon kè. Moutre m' tou sa ou vle m' fè.

Pwovèb 3:27-35

27 ¶ Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa.

28 Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M'a ba ou kichòy!

29 Moun k'ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal.

30 Pa fè kabouyay san rezon ak yon moun san li pa janm fè ou anyen ki mal.

31 Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo.

32 Paske Seyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l' yo.

33 Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l' ap kouvri kay moun ki mache dwat yo.

34 Moun k'ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l'ap moutre yo jan li renmen yo.

35 Y'a fè lwanj moun ki gen bon konprann yo, men moun fou yo, se wont y'a wont.

Lik 18:18-30

18 ¶ Yonn nan chèf jwif yo mande Jezi: Bon Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an?

19 Jezi di li: Poukisa ou rele m' bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye.

20 Ou konn kòmandman yo: Piga ou fè adiltè, piga ou touye moun, piga ou vòlò, piga ou fè manti sou moun, respekte papa ou ak manman ou.

21 Nonm lan reponn: Mwen swiv tout bagay sa yo depi m' te tikatkat.

22 Lè Jezi tande sa, li di l': Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen.

23 Men, pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil paske li te gen anpil byen.

24 Jezi wè jan sa te fè nonm lan lapenn, li di konsa: Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a.

25 L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon rich antre nan peyi kote Bondye Wa a.

26 Moun ki t'ap koute l' yo di l': Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?

27 Jezi reponn yo: Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li.

28 Lè sa a, Pyè di l': Tande, men nou kite tou sa nou te genyen pou nou swiv ou.

29 Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki kite kay li, osinon madanm li, osinon frè l', osinon papa l' ak manman l', osinon pitit li poutèt peyi kote Bondye Wa a,

30 moun sa a gen pou l' resevwa plis pase sa depi nan tan sa a, epi nan tan k'ap vini apre sa a li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an.